< Psalms 129 >
1 A Song of Ascents. Many a time, have they harassed me from my youth, well may Israel say:
Yon chan pou monte vè tanp lan. “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:
2 Many a time, have they harassed me from youth, yet have they not prevailed against me.
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.
3 Upon my back, have ploughmen ploughed, They have lengthened their furrow!
Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
4 Yahweh, is righteous, He hath cut asunder the cords of the lawless.
SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
5 Let all who hate Zion, be ashamed and shrink back:
Ke tout (sila) ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm.
6 Let them become like the grass of housetops, which, before it is pulled up, hath withered;
Kite yo vin tankou zèb sou kay la; zèb ki fennen avan li grandi,
7 Wherewith no reaper, hath filled his hand, nor binder, his bosom:
jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, oubyen (sila) ki mare pote pake a, pa p ka plen lestomak li.
8 Neither have the passers-by ever said, The blessing of Yahweh, be unto you, —We have blessed you in the Name of Yahweh.
Ni (sila) ki pase yo, p ap di: “Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. Nou beni ou nan non SENYÈ a.”