< Isaiah 65 >

1 I have let myself be consulted by them who had not asked, I have suffered myself to be found by them who had not sought me, —I have said, Here I am! Here I am! Unto a nation that had not been called by my name,
“Mwen te chache pa sila ki pa t mande pou Mwen yo; Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M. Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
2 I have spread out my hands all the day, Unto a rebellious people, —Who walk In the way that is not good, After their own devices.
Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl, ki mache nan chemen ki pa bon, k ap swiv pwòp panse pa yo,
3 The people who are provoking me to anger to my face continually, —Sacrificing in gardens, and Burning incense upon bricks;
Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M, k ap ofri sakrifis nan jaden yo e k ap brile lansan sou brik yo;
4 Who tarry among graves, And in the secret places, do lodge, Who eat the flesh of swine, And the broth of refuse things is in their vessels, —
ki chita nan mitan tonm yo e ki pase nwit lan kote kache yo; ki manje chè kochon, ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
5 Who say—Draw near by thyself, Do not approach with me, For I am holier than thou! These, are A smoke in my nostrils, A fire, burning all the day.
Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.
6 Lo! it is written before me, —I will not keep silence, But I have recompensed, and will recompense into their bosom:
“Gade byen, li ekri devan Mwen: Mwen p ap rete an silans, men Mwen va bay rekonpans; Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
7 Your own iniquities, And the, iniquities of your fathers together, Saith Yahweh, Who have burned incense upon the mountains, And upon the hills, have reproached me, —Therefore will I measure their former work into their bosom.
ni pou pwòp inikite pa yo ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo e te moke M sou kolin yo; pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè, jis rive nan lestonmak yo.”
8 Thus, saith Yahweh—As, new wine, is found, in the cluster, And one saith, Do not destroy it, for a blessing is in it, So, will I do for the sake of my servants, That I may not destroy the whole [nation];
Konsa pale SENYÈ a; “Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen, e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’: konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo, pou M pa detwi yo tout.
9 Therefore will I bring forth Out of Jacob, a seed, and Out of Judah, an inheritor of my mountains, That my chosen ones may inherit it, And, my servants, dwell there;
Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.
10 Then shall, Sharon, become, a fold for flocks, And the vale of Achor for the lying down of herds, —For my people who have sought me.
Saron va yon peyi ki fè patiraj pou bann mouton yo, e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze, pou pèp Mwen ki chache Mwen an.
11 But, ye are they—Who forsake Yahweh Who forget my holy mountain—Who prepare, for Fortune, a table and Who fill for Destiny, mixed wine;
“Men nou menm ki abandone SENYÈ a, ki bliye mòn sen Mwen an, ki ranje yon tab pou Gran Chans, ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
12 Therefore will I destine you to the sword, And, ye all, to the slaughter, shall bow down. Because I called and ye answered not, I spake, and ye hearkened not, —But did that which was wicked in mine eyes, And of that wherein I delighted not, ye made choice,
Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
13 Therefore, Thus, saith My Lord, Yahweh, —Lo! my servants, shall eat but, ye, shall be famished, Lo! my servants, shall drink but, ye shall be thirsty, —Lo! my servants, shall rejoice but ye, shall turn pale;
Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.
14 Lo! my servants, shall shout in triumph for mirth of heart But, ye, shall make outcry, for pain of heart, And for a breaking of spirit, shall ye howl.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
15 So shall ye leave your name for an oath, to my chosen ones, —So then My Lord Yahweh, will slay thee, —And his servants, will he, call by another name:
Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
16 So that he who blesseth himself in the earth, Will bless himself in the God of faithfulness, And he who sweareth in the earth Will swear by the God of faithfulness—Because the former troubles have been forgotten, and Because they are hid from mine eyes.
Paske sila ki beni sou tè a, va beni pa Bondye verite a; epi sila ki sèmante nan tout tè a, va sèmante pa Bondye verite a; paske ansyen twoub yo fin bliye e paske yo kache devan zye M.”
17 For, behold me! Creating new heavens, and a new earth, —And the former shall not be mentioned, neither shall they come up on the heart,
Paske gade byen, Mwen va kreye yon syèl tounèf, ak yon tè tounèf; epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò, ni p ap menm antre nan panse.
18 But joy ye and exult, perpetually, in what I am about to create, —For, behold me! Creating Jerusalem an exultation and Her People a joy;
Men fè kè kontan e rejwi nou jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo; paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans, e pèp li a pou kè kontan.
19 Therefore will I Exult in Jerusalem, and Joy in my People, —And there shall be heard in her, no more The sound of weeping, or the sound of a cry:
Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem. Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an. Epi p ap tande ankò nan li vwa kriye ak son moun k ap kriye.
20 There shall be thenceforward, no more, A suckling of a few days, or an elder Who filleth not up his days, —But, a youth a hundred years old, may die, Yea a sinner a hundred years old, shall be accursed,
“P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou, ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo; paske jenn yo va mouri nan laj santan e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
21 Then shall they build houses and dwell in them, —And plant vineyards and eat the fruit of them;
Yo va bati kay yo pou yo viv ladann; anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
22 They shall not build, and another, dwell, They shall not plant, and, another, eat, —For as the days of a tree, shall be the days of my people, And, the work of their own hands, shall my chosen ones, use to the full:
Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa jou a pèp Mwen an va ye, e moun chwazi pa M yo va gen tan rejwi nan pwòp zèv men yo.
23 They shall not labour in vain, Nor have children for terror, —For the seed of the blessed ones of Yahweh, shall they be, And their offspring, with them.
Yo p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè; paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a, e anplis, desandan yo, menm jan.
24 And it shall come to pass—That before they call, I, will answer, And while yet they are speaking, I, will hear.
Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
25 The wolf and the lamb, shall feed, in unity, And, the lion, as an ox, shall eat straw; But as for the serpent, dust, shall be his food: They shall not harm—Nor shall they destroy, In all my holy mountain, saith Yahweh.
Lou ak ti mouton va manje ansanm. Lyon an va manje pay kon bèf. Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.

< Isaiah 65 >