< Mark 13 >

1 And as he went forth out of the temple, one of his disciples saith unto him, Master, behold, what manner of stones and what manner of buildings!
Pandan Li t ap sòti nan tanp lan, youn nan disip Li yo te di Li: “Mèt, gade! A la bèl wòch, e a la bèl konstriksyon!”
2 And Jesus said unto him, Seest thou these great buildings? there shall not be left here one stone upon another, which shall not be thrown down.
Jésus te di li: “Ou wè gwo konstriksyon sa yo? Pa menm yon wòch va rete sou yon lòt ki p ap dekonble.”
3 And as he sat on the mount of Olives over against the temple, Peter and James and John and Andrew asked him privately,
Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.
4 Tell us, when shall these things be? and what [shall be] the sign when these things are all about to be accomplished?
“Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”
5 And Jesus began to say unto them, Take heed that no man lead you astray.
Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè.
6 Many shall come in my name, saying, I am [he]; and shall lead many astray.
Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè.
7 And when ye shall hear of wars and rumours of wars, be not troubled: [these things] must needs come to pass; but the end is not yet.
Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.
8 For nation shall rise against nation, and kingdom against kingdom: there shall be earthquakes in divers places; there shall be famines: these things are the beginning of travail.
Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.
9 But take ye heed to yourselves: for they shall deliver you up to councils; and in synagogues shall ye be beaten; and before governors and kings shall ye stand for my sake, for a testimony unto them.
“Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.
10 And the gospel must first be preached unto all the nations.
Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo.
11 And when they lead you [to judgment], and deliver you up, be not anxious beforehand what ye shall speak: but whatsoever shall be given you in that hour, that speak ye: for it is not ye that speak, but the Holy Ghost.
“Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.
12 And brother shall deliver up brother to death, and the father his child; and children shall rise up against parents, and cause them to be put to death.
“Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò.
13 And ye shall be hated of all men for my name’s sake: but he that endureth to the end, the same shall be saved.
Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.
14 But when ye see the abomination of desolation standing where he ought not (let him that readeth understand), then let them that are in Judaea flee unto the mountains:
“Men lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo.
15 and let him that is on the housetop not go down, nor enter in, to take anything out of his house:
Epi kite sila ki sou do kay yo pa desann antre ladann pou pran anyen nan kay la.
16 and let him that is in the field not return back to take his cloke.
Epi kite sila ki nan chan an pa retounen pran vètman li.
17 But woe unto them that are with child and to them that give suck in those days!
Men malè a sila avèk pitit nan vant yo, ak sila ki nouris nan jou sa yo.
18 And pray ye that it be not in the winter.
“Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi.
19 For those days shall be tribulation, such as there hath not been the like from the beginning of the creation which God created until now, and never shall be.
Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.
20 And except the Lord had shortened the days, no flesh would have been saved: but for the elect’s sake, whom he chose, he shortened the days.
“Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout.
21 And then if any man shall say unto you, Lo, here is the Christ; or, Lo, there; believe [it] not:
E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li.
22 for there shall arise false Christs and false prophets, and shall shew signs and wonders, that they may lead astray, if possible, the elect.
Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.
23 But take ye heed: behold, I have told you all things beforehand.
Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.
24 But in those days, after that tribulation, the sun shall be darkened, and the moon shall not give her light,
“Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè.
25 and the stars shall be falling from heaven, and the powers that are in the heavens shall be shaken.
Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.
26 And then shall they see the Son of man coming in clouds with great power and glory.
“Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa.
27 And then shall he send forth the angels, and shall gather together his elect from the four winds, from the uttermost part of the earth to the uttermost part of heaven.
Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.
28 Now from the fig tree learn her parable: when her branch is now become tender, and putteth forth its leaves, ye know that the summer is nigh;
“Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive.
29 even so ye also, when ye see these things coming to pass, know ye that he is nigh, [even] at the doors.
Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm.
30 Verily I say unto you, This generation shall not pass away, until all these things be accomplished.
Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt.
31 Heaven and earth shall pass away: but my words shall not pass away.
Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.
32 But of that day or that hour knoweth no one, not even the angels in heaven, neither the Son, but the Father.
“Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
33 Take ye heed, watch and pray: for ye know not when the time is.
Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a.
34 [It is] as [when] a man, sojourning in another country, having left his house, and given authority to his servants, to each one his work, commanded also the porter to watch.
Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
35 Watch therefore: for ye know not when the lord of the house cometh, whether at even, or at midnight, or at cockcrowing, or in the morning;
“Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten;
36 lest coming suddenly he find you sleeping.
sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi.
37 And what I say unto you I say unto all, Watch.
E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”

< Mark 13 >