< Leviticus 11 >
1 And the LORD spake unto Moses and to Aaron, saying unto them,
Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2 Speak unto the children of Israel, saying, These are the living things which ye shall eat among all the beasts that are on the earth.
-Men sa pou nou di moun pèp Izrayèl yo.
3 Whatsoever parteth the hoof, and is clovenfooted, [and] cheweth the cud, among the beasts, that shall ye eat.
Nan tout bèt ki sou latè, men bèt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bèt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou.
4 Nevertheless these shall ye not eat of them that chew the cud, or of them that part the hoof: the camel, because he cheweth the cud but parteth not the hoof, he is unclean unto you.
Men, gen bèt ki remoute manje epi ki pa gen zago yo fann. Bèt konsa nou pa gen dwa manje yo. Sa pa bon pou nou! Nou gen chamo ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. Vyann li pa bon pou nou manje.
5 And the coney, because he cheweth the cud but parteth not the hoof, he is unclean unto you.
Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann.
6 And the hare, because she cheweth the cud but parteth not the hoof, she is unclean unto you.
Nou gen ankò lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje.
7 And the swine, because he parteth the hoof, and is clovenfooted, but cheweth not the cud, he is unclean unto you.
Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.
8 Of their flesh ye shall not eat, and their carcases ye shall not touch; they are unclean unto you.
Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
9 These shall ye eat of all that are in the waters: whatsoever hath fins and scales in the waters, in the seas, and in the rivers, them shall ye eat.
Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo.
10 And all that have not fins and scales in the seas, and in the rivers, of all that move in the waters, and of all the living creatures that are in the waters, they are an abomination unto you,
Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo.
11 and they shall be an abomination unto you; ye shall not eat of their flesh, and their carcases ye shall have in abomination.
Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.
12 Whatsoever hath no fins nor scales in the waters, that is an abomination unto you.
Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo.
13 And these ye shall have in abomination among the fowls; they shall not be eaten, they are an abomination: the eagle, and the gier eagle, and the ospray;
Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
14 and the kite, and the falcon after its kind;
Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,
15 every raven after its kind;
tout kalite kònèy,
16 and the ostrich, and the night hawk, and the seamew, and the hawk after its kind;
otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
17 and the little owl, and the cormorant, and the great owl;
koukou, plonjon, frize,
18 and the horned owl, and the pelican, and the vulture;
gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt,
19 and the stork, the heron after its kind, and the hoopoe, and the bat.
sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye.
20 All winged creeping things that go upon all four are an abomination unto you.
Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.
21 Yet these may ye eat of all winged creeping things that go upon all four, which have legs above their feet, to leap withal upon the earth;
Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote,
22 even these of them ye may eat; the locust after its kind, and the bald locust after its kind, and the cricket after its kind, and the grasshopper after its kind.
tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt.
23 But all winged creeping things, which have four feet, are an abomination unto you.
Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.
24 And by these ye shall become unclean: whosoever toucheth the carcase of them shall be unclean until the even:
Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
25 And whosoever beareth [aught] of the carcase of them shall wash his clothes, and be unclean until the even.
Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
26 Every beast which parteth the hoof, and is not clovenfooted, nor cheweth the cud, is unclean unto you: every one that toucheth them shall be unclean.
Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
27 And whatsoever goeth upon its paws, among all beasts that go on all four, they are unclean unto you: whoso toucheth their carcase shall be unclean until the even.
Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
28 And he that beareth the carcase of them shall wash his clothes, and be unclean until the even: they are unclean unto you.
Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje.
29 And these are they which are unclean unto you among the creeping things that creep upon the earth; the weasel, and the mouse, and the great lizard after its kind,
Pami tout bèt toupatou sou latè ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza,
30 and the gecko, and the land-crocodile, and the lizard, and the sand-lizard, and the chameleon.
zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman.
31 These are they which are unclean to you among all that creep: whosoever doth touch them, when they are dead, shall be unclean until the even.
Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
32 And upon whatsoever any of them, when they are dead, doth fall, it shall be unclean; whether it be any vessel of wood, or raiment, or skin, or sack, whatsoever vessel it be, wherewith any work is done, it must be put into water, and it shall be unclean until the even; then shall it be clean.
Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l' jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l' san danje.
33 And every earthen vessel, whereinto any of them falleth, whatsoever is in it shall be unclean, and it ye shall break.
Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe nan yon veso fèt an tè, tou sa ki nan veso a pa bon pou nou sèvi ankò, epitou se pou nou kraze veso sa a.
34 All food [therein] which may be eaten, that on which water cometh, shall be unclean: and all drink that may be drunk in every [such] vessel shall be unclean.
Si ti gout nan dlo ki soti nan veso sa a ta rive tonbe sou nenpòt manje nou gen dwa manje, manje a pa bon ankò pou nou manje. Konsa tou, tout bwason nou gen dwa bwè, si yo ta rive vide l' nan yon veso konsa, li pa bon ankò pou nou bwè.
35 And every thing whereupon [any part] of their carcase falleth shall be unclean; whether oven, or range for pots, it shall be broken in pieces: they are unclean, and shall be unclean unto you.
Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou nenpòt bagay, bagay sa a pa bon pou sèvi ankò. Si se yon fou osinon yon recho, se pou yo kraze yo an miyèt moso. Yo pa bon, nou pa fèt pou sèvi ak yo ankò menm.
36 Nevertheless a fountain or a pit wherein is a gathering of water shall be clean: but that which toucheth their carcase shall be unclean.
Men, si yo tonbe nan yon sous osinon nan yon sitèn pou ranmase dlo, sous la osinon sitèn lan ap toujou bon pou sèvis nou. Men, moun ki manyen kadav la pou wete l' nan dlo a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
37 And if [aught] of their carcase fall upon any sowing seed which is to be sown, it is clean.
Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante.
38 But if water be put upon the seed, and [aught] of their carcase fall thereon, it is unclean unto you.
Men, si grenn lan te tranpe nan dlo epi kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou li, grenn lan pa bon ankò pou plante.
39 And if any beast, of which ye may eat, die; he that toucheth the carcase thereof shall be unclean until the even.
Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
40 And he that eateth of the carcase of it shall wash his clothes, and be unclean until the even: he also that beareth the carcase of it shall wash his clothes, and be unclean until the even.
Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
41 And every creeping thing that creepeth upon the earth is an abomination; it shall not be eaten.
Tout ti bèt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Nou pa fèt pou manje yo.
42 Whatsoever goeth upon the belly, and whatsoever goeth upon all four, or whatsoever hath many feet, even all creeping things that creep upon the earth, them ye shall not eat; for they are an abomination.
Depi se ti bèt k'ap trennen sou vant ou ankò ti bèt kat pye, ou ankò ti bèt ki gen anpil pye, yo yonn pa bon menm pou moun k'ap sèvi Bondye: nou pa fèt pou nou manje yo.
43 Ye shall not make yourselves abominable with any creeping thing that creepeth, neither shall ye make yourselves unclean with them, that ye should be defiled thereby.
Pa manje ankenn nan ti bèt k'ap trennen sou vant yo pou yo pa mete nou nan kondisyon pou nou pa kapab fè sèvis pou mwen.
44 For I am the LORD your God: sanctify yourselves therefore, and be ye holy; for I am holy: neither shall ye defile yourselves with any manner of creeping thing that moveth upon the earth.
Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
45 For I am the LORD that brought you up out of the land of Egypt, to be your God: ye shall therefore be holy, for I am holy.
Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
46 This is the law of the beast, and of the fowl, and of every living creature that moveth in the waters, and of every creature that creepeth upon the earth:
Men regleman ki gen rapò ak bèt, zwazo ak tout lòt bèt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant.
47 to make a difference between the unclean and the clean, and between the living thing that may be eaten and the living thing that may not be eaten.
Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.