< Psalms 78 >

1 “A psalm of Asaph.” Give ear, O my people, to my instruction! Incline your ears to the words of my mouth!
Yon Sòm a Asaph Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen. Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
2 I will open my mouth in a psalm; I will utter sayings of ancient times.
Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl. Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
3 What we have heard and learned, And our fathers have told us,
ke nou te tande, konnen e ke papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
4 We will not hide from their children; Showing to the generation to come the praises of Jehovah, His might, and the wonders he hath wrought.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo, men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a, fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
5 For he appointed statutes in Jacob, And established a law in Israel, Which he commanded our fathers To make known to their children;
Paske Li te etabli yon temwayaj nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël, sou (sila) Li te kòmande papa zansèt nou yo pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
6 So that the generation to come might know them; The children, which should be born, and rise up, Who should declare them to their children;
Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen. Menm pou (sila) ki poko fèt yo, pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
7 That they might put their trust in God, And not forget his deeds, But keep his commandments;
pou yo kab mete konfyans yo nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo, men kenbe kòmandman Li yo.
8 And might not be, like their forefathers, A stubborn and rebellious generation, —A generation whose heart was not fixed upon God, And whose spirit was not steadfast toward the Almighty.
Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo, yon jenerasyon tèt di e rebèl, yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl, ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
9 The children of Ephraim were like armed bowmen, Who turn their backs in the day of battle.
Fis a Éphraïm yo ki kon tire flèch, te pote banza yo. Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.
10 They kept not the covenant of God, And refused to walk in his law;
Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye e te refize mache nan lalwa Li.
11 And forgot his mighty deeds, And the wonders he had shown them.
Yo te bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
12 Marvellous things did he in the sight of their fathers, In the land of Egypt, in the field of Zoan.
Li te fòje mirak yo devan zansèt yo, nan peyi Égypte la ak nan chan Tsoan an.
13 He divided the sea, and caused them to pass through; Yea, he made the waters to stand as a heap.
Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann. Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.
14 By day he led them by a cloud, And all the night by a light of fire.
Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.
15 He clave the rocks in the wilderness, And gave them drink, as from the great deep.
Li te fann wòch yo nan dezè a e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.
16 From the rock he brought flowing streams, And made water to run down like rivers.
Li te fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la, e te fè dlo desann tankou larivyè.
17 Yet still they sinned against him, And provoked the Most High in the desert.
Sepandan, yo te kontinye peche kont Li, e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
18 They tempted God in their hearts, By asking food for their delight.
Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv lè yo te mande manje selon dezi yo.
19 Yea, they spake against God, and said, “Can God spread a table in the wilderness?
Wi, yo te pale kont Bondye. Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?
20 Behold! he smote the rock, and the water flowed, And streams gushed forth: Is he also able to give bread? Can he provide flesh for his people?”
Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde. Èske Li kapab bay pen tou? Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”
21 When, therefore, the LORD heard this, he was wroth: So a fire was kindled against Jacob, And anger arose against Israel.
Pou sa, SENYÈ a te tande e te ranpli ak kòlè. Konsa, yon dife te limen kont Jacob, e chalè te monte tou kont Israël.
22 Because they believed not in God, And trusted not in his aid.
Paske yo pa t kwè nan Bondye, e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.
23 Yet he had commanded the clouds above, And had opened the doors of heaven;
Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.
24 And had rained down upon them manna for food, And had given them the corn of heaven.
Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo, pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.
25 Every one ate the food of princes; He sent them bread to the full.
Lòm te manje manje a zanj yo. Li te voye manje ba yo an abondans.
26 Then he caused a strong wind to blow in the heavens, And by his power he brought a south wind;
Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li, Li te dirije van sid la.
27 He rained down flesh upon them as dust, And feathered fowls as the sand of the sea.
Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè, menm zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
28 He caused them to fall in the midst of their camp, Round about their habitations.
Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
29 So they did eat, and were filled; For he gave them their own desire.
Konsa, yo te manje vant plen, e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
30 Their desire was not yet satisfied, And their meat was yet in their mouths,
Avan, yo te satisfè dezi yo, pandan manje a te toujou nan bouch yo,
31 When the wrath of God came upon them, And slew their strong men, And smote down the chosen men of Israel.
kòlè Bondye te leve kont yo e te touye kèk nan pi vayan pami yo. Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
32 For all this they sinned still, And put no trust in his wondrous works.
Malgre tout sa, yo te peche toujou, e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.
33 Therefore he consumed their days in vanity, And their years in sudden destruction.
Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal, e ane yo nan laperèz sibit.
34 When he slew them, they sought him; They returned, and sought earnestly for God;
Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.
35 And remembered that God was their rock, And the Most High their redeemer.
Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, redanmtè yo.
36 But they only flattered him with their mouths, And spake falsely to him with their tongues.
Men yo te twonpe Li ak bouch yo. Yo te manti a Li ak lang yo.
37 For their hearts were not true to him, Nor were they steadfast in his covenant.
Paske kè yo pa t fèm vè Li menm, ni yo pa t fidèl selon akò Li.
38 Yet, being full of compassion, he forgave their iniquity, And would not utterly destroy them; Often he restrained his indignation, And stirred not up all his anger.
Men Li menm, akoz mizerikòd Li, te padone inikite yo, e pa t detwi yo. Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
39 He remembered that they were but flesh, —A breath, that passeth and cometh not back.
Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye, yon van pase ki pa retounen ankò.
40 How often did they provoke him in the wilderness! How often did they anger him in the desert!
Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a, e te fè L soufri lapèn la nan savann an!
41 Again and again they tempted God, And offended the Holy One of Israel.
Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv, epi te fè (Sila) Ki Sen A Israël la soufri doulè.
42 They remembered not his hand, Nor the day when he delivered them from the enemy;
Yo pa t sonje pwisans Li, ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,
43 What signs he had wrought in Egypt, And what wonders in the fields of Zoan.
lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.
44 He turned their rivers into blood, So that they could not drink of their streams.
Li te chanje rivyè yo an san. Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.
45 He sent amongst them flies, which devoured them, And frogs, which destroyed them.
Li te voye pami yo mouch an gran kantite ki te devore yo, avèk krapo ki te detwi yo.
46 He gave also their fruits to the caterpillar, And their labor to the locust.
Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a, ak pwodwi travay yo a krikèt la.
47 He destroyed their vines with hail, And their sycamore-trees with frost.
Li te detwi chan fwi yo ak lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.
48 He also gave up their cattle to hail, And their flocks to hot thunderbolts.
Li te bay bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.
49 He sent against them the fierceness of his anger, Wrath, indignation, and woe, —A host of angels of evil.
Li te voye sou yo chalè kòlè Li, gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub, ak yon bann zanj ki pou detwi yo.
50 He made a way for his anger, He spared them not from death, But gave up their lives to the pestilence.
Li te fè yon chemen pou lakòlè Li. Li pa t epagne nanm yo de lanmò, men te bay lavi yo a gwo fleyo.
51 He smote all the firstborn in Egypt; The first-fruits of their strength in the tents of Ham.
Li te frape di tout premye ne an Égypte yo, premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.
52 But he led forth his own people like sheep, And guided them like a flock in the wilderness.
Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton. Li te dirije yo nan dezè a tankou yon twoupo.
53 He led them on safely, so that they feared not, While the sea overwhelmed their enemies.
Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.
54 He brought them to his own sacred border, Even to this mountain which his right hand had gained.
Konsa, Li te mennen yo nan peyi sen Li an, vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.
55 He cast out the nations before them, And divided their land by a measuring-line, as an inheritance, And caused the tribes of Israel to dwell in their tents.
Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.
56 Yet they tempted and provoked God, the Most High, And kept not his statutes;
Sepandan, yo te tante e fè rebèl kont Bondye Pi Wo a, e pa t kenbe temwayaj Li yo,
57 Like their fathers they were faithless, and turned back; They turned aside, like a deceitful bow.
men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo. Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.
58 They provoked his anger by their high places, And stirred up his jealousy by their graven images.
Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
59 God saw this, and was wroth, And greatly abhorred Israel;
Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè, e te vin deteste Israël anpil.
60 So that he forsook the habitation at Shiloh, The tabernacle where he dwelt among men,
Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,
61 And delivered his strength into captivity, And his glory into the hand of the enemy.
e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite, glwa Li nan men advèsè a.
62 His own people he gave up to the sword, And was wroth with his own inheritance.
Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.
63 Fire consumed their young men, And their maidens did not bewail them.
Dife te devore jennonm Li yo e vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.
64 Their priests fell by the sword, And their widows made no lamentation.
Prèt Li yo te tonbe pa nepe e Vèv Li yo pa t kab kriye.
65 But at length the Lord awaked as from sleep, As a hero who had been overpowered by wine;
Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye, tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.
66 He smote his enemies, and drove them back, And covered them with everlasting disgrace.
Li te pouse advèsè Li yo fè bak. Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.
67 Yet he rejected the tents of Joseph, And chose not the tribe of Ephraim;
Anplis, Li te rejte tant Jospeh la, ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.
68 But chose the tribe of Judah, The Mount Zion which he loved;
Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.
69 Where he built, like the heavens, his sanctuary; Like the earth, which he hath established for ever.
Li te bati sanktiyè Li tankou wotè mòn yo, tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.
70 And he chose David, his servant, And took him from the sheepfolds;
Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a. Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,
71 From tending the suckling ewes he brought him To feed Jacob his people, And Israel his inheritance.
sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris, Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a, avèk Israël, eritaj Li a.
72 He fed them with an upright heart, And guided them with skilful hands.
Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l, e te gide yo avèk men abil li.

< Psalms 78 >