< Isaiah 10 >
1 Woe to them that make unrighteous decrees, That write oppressive decisions,
Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!
2 To turn away the needy from judgment, And rob the poor of my people of their right; That the widows may become their prey, And that they may plunder the orphans.
Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!
3 What will ye do in the day of visitation, And in the desolation which cometh from afar? To whom will ye flee for help, And where will ye leave your glory?
Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?
4 Forsaken by me, they shall sink down among the prisoners, And fall among the slain. For all this his anger is not turned away, But his hand is stretched out still.
Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
5 Woe to the Assyrian, the rod of mine anger, The staff in whose hands is the instrument of my indignation!
Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
6 Against an impious nation I will send him, And against a people under my wrath I will give him a charge To gather the spoil, and seize the prey, And to trample them under foot like the mire of the streets.
Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
7 But he doth not so purpose, And his heart doth not so intend; But to destroy is in his heart, And to cut off a multitude of nations.
Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.
8 For he saith, “Are not my princes altogether kings?
Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!
9 Is not Calno as Carchemish? Is not Hamath as Arpad? Is not Samaria as Damascus?
Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.
10 As my hand hath seized the kingdoms of the idols, Whose graven images were more numerous than those of Jerusalem and Samaria,
Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari,
11 Behold! as I have done to Samaria and her idols, So will I do to Jerusalem and her images.”
menm jan nou wè mwen te aji ak Samari ak zidòl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalèm ak pòtre l'ap adore yo.
12 But when the Lord hath accomplished his whole work upon Mount Zion and Jerusalem, Then will he punish the fruit of the proud heart of the king of Assyria, And the arrogance of his lofty eyes.
Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
13 For he hath said: “By the strength of my hand I have done it, And by my wisdom; for I am wise; I have removed the bounds of nations, I have plundered their treasures; As a hero have I brought down them that sat upon thrones.
Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.
14 The riches of the nations hath my hand seized, as a nest; As one gathereth eggs that have been left, So have I gathered the whole world. And there was none that moved the wing, Or that opened the beak, or that chirped.”
Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.
15 Shall the axe boast itself against him that heweth with it? Or shall the saw magnify itself against him that moveth it? As if the rod should wield him that lifteth it! As if the staff should lift up him that is not wood!
Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
16 Wherefore the Lord, the Lord of hosts, shall send upon his fat ones leanness, And under his glory shall he kindle a burning, like the burning of a fire.
Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
17 The light of Israel shall be a fire, And his Holy One a flame, Which shall burn and devour his thorns and briers in one day.
Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.
18 The glory of his forest and of his fruitful field From the spirit even to the flesh shall he consume; It shall be with them as when a sick man fainteth.
Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.
19 The remaining trees of the forest shall be few, So that a child may write them down.
P'ap rete anpil pyebwa nan rak li yo ankò. Nenpòt timoun piti ka konte ti rès la.
20 In that day shall the remnant of Israel, and they that have escaped of the house of Jacob, no more lean upon him that smote them; They shall lean upon Jehovah, the Holy One of Israel, in truth.
Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
21 The remnant shall return, the remnant of Jacob, to the mighty Potentate;
Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.
22 For though thy people, O Israel, be as the sand of the sea, Only a remnant of them shall return. The devastation is decreed; It shall overflow with righteousness.
Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.
23 For devastation and punishment doth the Lord, Jehovah of hosts, execute in the midst of the whole land,
Wi, Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fè l' la.
24 Yet thus saith the Lord, Jehovah of hosts: Fear not, O my people, that dwellest in Zion, because of the Assyrian! With his rod indeed shall he smite thee, And lift up his staff against thee in the manner of Egypt;
Se poutèt sa, Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an.
25 But yet a very little while, and my indignation shall have past, And my anger shall destroy them.
Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.
26 Jehovah of hosts shall raise up against him a scourge, As he smote Midian at the rock of Horeb, And as he lifted up the rod against the sea; Yea, he shall lift it up, as in Egypt.
Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.
27 In that day shall his burden be removed from thy shoulder, And his yoke from thy neck; Yea, thy yoke shall be broken, as that of a fat steer.
Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.
28 He is come to Aiath; he passeth through Migron; In Michmash he leaveth his baggage;
Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.
29 They pass the strait; At Geba they make their night-quarters; Ramah trembleth; Gibeah of Saul fleeth.
Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.
30 Cry aloud, O daughter of Gallim! Hear, O Laish! Alas, poor Anathoth!
Nou menm moun lavil Gatim, pete rele! Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou! Nou menm moun lavil Anatòt, nou nan ka!
31 Madmenah hasteth away; The inhabitants of Gebim take to flight.
Moun lavil Madmena yo chape kò yo. Moun lavil Gebim yo al kache.
32 Yet one day shall he rest at Nob, Then shall he shake his hand against the mount of the daughter of Zion, The hill of Jerusalem.
Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.
33 But behold! the Lord, Jehovah of hosts, shall lop the branches with fearful force, And the high of stature shall be cut down, And the lofty shall be brought low.
Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
34 He shall hew the thickets of the forest with iron, And Lebanon shall fall by a mighty hand.
L'ap koupe yo tankou lè y'ap mete rach nan gwo pyebwa nan rak. Bèl pyebwa ki sou mòn Liban yo pral kouche plat atè!