< Acts 20 >

1 And after the tumult had ceased, Paul called to him the disciples, and having embraced them departed to go into Macedonia.
Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan.
2 And when he had gone through those regions, and had given them much exhortation, he came into Greece.
Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrès.
3 And when he had stayed three months, a plot having been laid for him by the Jews as he was about to sail for Syria, he resolved to return through Macedonia.
Rive la, li ret pase twa mwa. Li tapral pran yon batiman pou peyi Siri lè l' vin konnen jwif yo t'ap pare yon pèlen tann li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwan ankò.
4 And there accompanied him as far as Asia, Sopater, son of Pyrrhus, a Beroean; and of the Thessalonians, Aristarchus and Secundus, and Gaius of Derbe, and Timothy; and of Asia, Tychicus and Trophimus.
Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi.
5 These having gone forward waited for us at Troas.
Yo tout te pran devan, y' al tann nou Twoas.
6 But we set sail from Philippi, after the days of unleavened bread, and came to them at Troas in five days, where we abode seven days.
Nou menm, apre fèt Pen san ledven yo, nou anbake sou yon batiman lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twoas. Nou rete pase tout yon senmenn la.
7 And on the first day of the week, when we had assembled to break bread, Paul discoursed to them, being about to depart on the morrow, and continued the discourse until midnight.
Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.
8 And there were many lamps in the upper room where we had assembled.
Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li.
9 And there sat on the window a certain young man named Eutychus, having fallen into a deep sleep; and as Paul was discoursing at great length, he sank down with sleep, and fell from thee third story, and was taken up dead.
Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt.
10 But Paul went down and fell on him, and having embraced him, said, Make no lamentations; for his life is in him.
Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri.
11 And having gone up again, and broken the bread and eaten, he talked a long while even till break of day, and so departed.
Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati.
12 And they brought the young man alive, and were not a little comforted.
Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.
13 We however, going forward to the ship, put to sea for Assos, intending to take in Paul from that place; for so he had appointed, intending himself to go on foot.
Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye.
14 And when he met us at Assos, we took him on board, and came to Mitylene;
Lè l' vin jwenn nou Asòs, nou pran l' abò a, epi n' ale Mitilèn.
15 and sailing thence, we came the following day over against Chios. And the next day we arrived at Samos; and having tarried at Trogyllium, we came the next day to Miletus.
Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè.
16 For Paul had determined to sail past Ephesus, that he might not be detained in Asia; for he was hastening, if it were possible for him, to be at Jerusalem on the day of Pentecost.
Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.
17 And from Miletus he sent to Ephesus, and called the elders of the church.
Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li.
18 And when they had come to him, he said to them: Ye yourselves know, from the first day that I came into Asia, after what manner I have been with you the whole time,
Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.
19 serving the Lord with all humility, and with tears, and trials which befell me by the plots of the Jews;
Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.
20 how I kept back nothing that was profitable, but have made it known to you, and have taught you publicly, and from house to house;
Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou.
21 testifying to both Jews and Greeks repentance toward God, and faith in our Lord Jesus.
Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
22 And now behold, I go, bound in my spirit, to Jerusalem, not knowing the things that will befall me there;
Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a.
23 save that the Holy Spirit witnesseth to me in every city, saying that bonds and afflictions await me.
Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen.
24 But I count life of no value to me, so that I may finish my course, and the ministry which I received from the Lord Jesus, to testify the glad tidings of the grace of God.
Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.
25 And now, behold, I know that ye all, among whom I went about preaching the kingdom, will see my face no more.
Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m' ankò.
26 Wherefore I testify to you this day, that I am pure from the blood of all men;
Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab.
27 for I have not shunned to declare to you the whole counsel of God.
Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m' pa kache nou anyen.
28 Take heed therefore to yourselves, and to all the flock over which the Holy Spirit made you overseers, to feed the church of the Lord, which he purchased with his own blood.
Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
29 For I know this, that after my departure grievous wolves will enter in among you, not sparing the flock.
Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton.
30 And from among yourselves will men arise speaking perverse things, to draw away the disciples after them.
Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.
31 Therefore be watchful, and remember that for the space of three years, night and day, I ceased not to warn every one with tears.
Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.
32 And now I commend you to God, and to the word of his grace, who is able to build you up, and to give you an inheritance among all the sanctified.
Koulye a m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesaj favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li.
33 I have coveted no man's silver, or gold, or apparel.
Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun.
34 Ye yourselves know, that these hands ministered to my necessities, and to those that were with me.
Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen.
35 In all ways I showed you that so laboring ye ought to support the weak, and to remember the words of the Lord Jesus, that he himself said, It is more blessed to give than to receive.
Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
36 And having thus spoken, he kneeled down, and prayed with them all.
Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.
37 And they all wept sorely, and fell on Paul's neck, and kissed him;
Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou!
38 sorrowing most of all for the word which he had spoken, that they were to see his face no more. And they accompanied him to the ship.
Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l' ankò. Apre sa, yo kondi l' mennen jouk sou batiman an.

< Acts 20 >