< Psalms 108 >

1 A SONG. A PSALM OF DAVID. My heart is prepared, O God, I sing, indeed, I sing praise, also my glory.
Yon chan. Yon Sòm David Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
2 Awake, stringed instrument and harp, I awake the dawn.
Fè leve ap avèk lir! Mwen va fè leve solèy la!
3 I thank You among peoples, O YHWH, And I praise You among the nations.
Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
4 For Your kindness [is] great above the heavens, And Your truth to the clouds.
Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo, e verite Ou rive jis nan syèl yo.
5 Be exalted above the heavens, O God, And Your glory above all the earth.
Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
6 That Your beloved ones may be delivered, Save [with] Your right hand, and answer us.
Pou (sila) ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre. Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
7 God has spoken in His holiness: I exult, I apportion Shechem, And I measure the Valley of Succoth,
Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo, Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
8 Gilead [is] Mine, Manasseh [is] Mine, And Ephraim [is] the strength of My head, Judah [is] My lawgiver,
Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M. Ephraïm se kas sou tèt Mwen. Juda se baton wayal Mwen.
9 Moab [is] a pot for My washing, On Edom I cast My shoe, Over Philistia I habitually shout.
Moab se basen lesiv Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye M. Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
10 Who brings me [into] the fortified city? Who has led me to Edom?
Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a? Kilès ki va mennen M Edom?
11 Have You not, O God, cast us off? And You do not go out, O God, with our hosts!
Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an? Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
12 Give to us help from adversity, And the salvation of man is vain.
O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans a lòm se anven.
13 We do mightily in God, And He treads down our adversaries!
Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan. Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.

< Psalms 108 >