< Deuteronomy 19 >
1 “When your God YHWH cuts off the nations whose land your God YHWH is giving to you, and you have dispossessed them, and dwelt in their cities and in their houses,
Moyiz di yo ankò: -Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l' ban nou peyi ki te pou yo a, lè n'a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo,
2 you separate three cities for yourself in the midst of your land which your God YHWH is giving to you to possess it.
n'a chwazi twa lavil nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n'a mete yo apa.
3 You prepare the way for yourself, and have divided into three parts the border of your land which your God YHWH causes you to inherit, and it has been for the fleeing there of every manslayer.
N'a kenbe wout ki mennen nan lavil sa yo an bon eta. N'a divize teritwa Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a an twa zòn ak yon lavil nan chak zòn. Konsa, nenpòt moun ki ta rive touye yon lòt ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l'.
4 And this [is] the matter of the manslayer who flees there, and has lived: he who strikes his neighbor unknowingly, and is not hating him before—
Men nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l': Se lè yon moun touye yon frè parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'.
5 even he who comes into a forest with his neighbor to hew wood, and his hand has driven with an axe to cut the tree, and the iron has slipped from the wood, and has met his neighbor, and he has died—he flees to one of these cities, and has lived,
Konsa, si de moun al nan bwa ansanm pou koupe bwa epi yonn ladan yo fè sa li leve rach li pou l' koupe yon bwa epi rach la chape soti nan manch lan, l' al frape zanmi l' lan, li touye l' frèt, yon nonm konsa gen dwa kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou l' ka sove lavi l'.
6 lest the redeemer of blood pursue after the manslayer when his heart is hot and has overtaken him, because the way is great, and has struck his life, and he has no sentence of death, for he is not hating him before;
Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fè espre, li pa t' janm gen anyen nan kè l' kont moun li touye a.
7 therefore I am commanding you, saying, You separate three cities for yourself.
Se poutèt sa mwen mande nou pou nou mete twa lavil konsa apa espre pou sa.
8 And if your God YHWH enlarges your border, as He has sworn to your fathers, and has given to you all the land which He has spoken to give to your fathers—
Konsa tou, lè Seyè a, Bondye nou an, va fè peyi nou an vin pi gran jan li te pwomèt zansèt nou yo, lè l'a ban nou tout peyi li te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo,
9 when you keep all this command to do it, which I am commanding you today, to love your God YHWH and to walk in His ways [for] all the days—then you have added three more cities for yourself to these three;
n'a chwazi twa lòt lavil, n'a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l'ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lòd m'ap ban nou jòdi a, se pou nou toujou renmen Seyè a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an.
10 and [do this] lest innocent blood is shed in the midst of your land which your God YHWH is giving to you [for] an inheritance, and there has been blood on you.
Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a.
11 And when a man is hating his neighbor, and has lain in wait for him, and risen against him, and struck his life, and he has died, then he has fled to one of these cities,
Men, si yon moun rayi yon lòt, epi li pran veye l' jouk li tonbe sou li, li ba l' kou jouk li touye l', epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo,
12 and [the] elderly of his city have sent and taken him from there, and given him into the hand of the redeemer of blood, and he has died;
lè sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil kote li rete a va voye chache l' epi y'a lage l' nan men fanmi pre moun ki mouri a pou yo touye l'.
13 your eye has no pity on him, and you have put away the innocent blood from Israel, and it is well with you.
N'a san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou.
14 You do not remove a border of your neighbor, which they of former times have made, in your inheritance, which you inherit in the land which your God YHWH is giving to you to possess it.
Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a.
15 One witness does not rise against a man for any iniquity and for any sin, in any sin which he sins; by the mouth of two witnesses or by the mouth of three witnesses is a thing established.
Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe.
16 When a violent witness rises against a man to testify against him apostasy,
Lè yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fè,
17 then both of the men who have the strife have stood before YHWH, before the priests and the judges who are in those days,
de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a.
18 and the judges have searched diligently, and behold, the witness [is] a false witness who has testified a falsehood against his brother,
Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l' la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè,
19 then you have done to him as he devised to do to his brother, and you have put away evil out of your midst,
n'a fè l' sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou.
20 and those who are left hear and fear, and do not add to do according to this evil thing in your midst anymore.
Lè lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou.
21 And your eye does not pity—life for life, eye for eye, tooth for tooth, hand for hand, foot for foot.”
Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye.