< Zechariah 2 >

1 I lifted up mine eyes again, and looked, and behold a man with a measuring line in his hand.
Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon lign mezi nan men l.
2 Then said I, Whither goest thou? And he said unto me, To measure Jerusalem, to see what [is] the breadth thereof, and what [is] the length thereof.
Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?” Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”
3 And, behold, the angel that talked with me went forth, and another angel went out to meet him,
Epi vwala zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l.
4 And said unto him, Run, speak to this young man, saying, Jerusalem shall be inhabited [as] towns without walls for the multitude of men and cattle therein:
Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann.
5 For I, saith the LORD, will be unto her a wall of fire round about, and will be the glory in the midst of her.
Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
6 Ho, ho, [come forth], and flee from the land of the north, saith the LORD: for I have spread you abroad as the four winds of the heaven, saith the LORD.
“‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a.
7 Deliver thyself, O Zion, that dwellest [with] the daughter of Babylon.
‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’
8 For thus saith the LORD of hosts; After the glory hath he sent me unto the nations which spoiled you: for he that toucheth you toucheth the apple of his eye.
Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.
9 For, behold, I will shake mine hand upon them, and they shall be a spoil to their servants: and ye shall know that the LORD of hosts hath sent me.
Paske, gade byen, Mwen va souke men M sou yo, e yo va vin piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen.
10 Sing and rejoice, O daughter of Zion: for, lo, I come, and I will dwell in the midst of thee, saith the LORD.
Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a.
11 And many nations shall be joined to the LORD in that day, and shall be my people: and I will dwell in the midst of thee, and thou shalt know that the LORD of hosts hath sent me unto thee.
Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.
12 And the LORD shall inherit Judah his portion in the holy land, and shall choose Jerusalem again.
SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò.
13 Be silent, O all flesh, before the LORD: for he is raised up out of his holy habitation.
Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”

< Zechariah 2 >