< Ezekiel 11 >

1 Moreover the spirit lifted me up, and brought me unto the east gate of the LORD’s house, which looketh eastward: and behold at the door of the gate five and twenty men; among whom I saw Jaazaniah the son of Azur, and Pelatiah the son of Benaiah, princes of the people.
Anplis, Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf yo a pèp la.
2 Then said he unto me, Son of man, these [are] the men that devise mischief, and give wicked counsel in this city:
Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a,
3 Which say, [It is] not near; let us build houses: this [city is] the caldron, and we [be] the flesh.
ka p di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’
4 Therefore prophesy against them, prophesy, O son of man.
Akoz sa, pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”
5 And the Spirit of the LORD fell upon me, and said unto me, Speak; Thus saith the LORD; Thus have ye said, O house of Israel: for I know the things that come into your mind, [every one of] them.
Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske Mwen konnen panse nou yo.
6 Ye have multiplied your slain in this city, and ye have filled the streets thereof with the slain.
Nou te miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”
7 Therefore thus saith the Lord GOD; Your slain whom ye have laid in the midst of it, they [are] the flesh, and this [city is] the caldron: but I will bring you forth out of the midst of it.
“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann.
8 Ye have feared the sword; and I will bring a sword upon you, saith the Lord GOD.
Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a.
9 And I will bring you out of the midst thereof, and deliver you into the hands of strangers, and will execute judgments among you.
“Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou.
10 Ye shall fall by the sword; I will judge you in the border of Israel; and ye shall know that I [am] the LORD.
Nou va tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
11 This [city] shall not be your caldron, neither shall ye be the flesh in the midst thereof; [but] I will judge you in the border of Israel:
Vil la p ap yon chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la.
12 And ye shall know that I [am] the LORD: for ye have not walked in my statutes, neither executed my judgments, but have done after the manners of the heathen that [are] round about you.
Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”
13 And it came to pass, when I prophesied, that Pelatiah the son of Benaiah died. Then fell I down upon my face, and cried with a loud voice, and said, Ah Lord GOD! wilt thou make a full end of the remnant of Israel?
Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?”
14 Again the word of the LORD came unto me, saying,
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
15 Son of man, thy brethren, [even] thy brethren, the men of thy kindred, and all the house of Israel wholly, [are] they unto whom the inhabitants of Jerusalem have said, Get you far from the LORD: unto us is this land given in possession.
“Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a nou kon posesyon.’”
16 Therefore say, Thus saith the Lord GOD; Although I have cast them far off among the heathen, and although I have scattered them among the countries, yet will I be to them as a little sanctuary in the countries where they shall come.
“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’
17 Therefore say, Thus saith the Lord GOD; I will even gather you from the people, and assemble you out of the countries where ye have been scattered, and I will give you the land of Israel.
“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”
18 And they shall come thither, and they shall take away all the detestable things thereof and all the abominations thereof from thence.
“‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann.
19 And I will give them one heart, and I will put a new spirit within you; and I will take the stony heart out of their flesh, and will give them an heart of flesh:
Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè,
20 That they may walk in my statutes, and keep mine ordinances, and do them: and they shall be my people, and I will be their God.
pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.
21 But [as for them] whose heart walketh after the heart of their detestable things and their abominations, I will recompense their way upon their own heads, saith the Lord GOD.
Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
22 Then did the cherubims lift up their wings, and the wheels beside them; and the glory of the God of Israel [was] over them above.
Epi cheriben yo te leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo.
23 And the glory of the LORD went up from the midst of the city, and stood upon the mountain which [is] on the east side of the city.
Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la.
24 Afterwards the spirit took me up, and brought me in a vision by the Spirit of God into Chaldea, to them of the captivity. So the vision that I had seen went up from me.
Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.
25 Then I spake unto them of the captivity all the things that the LORD had shewed me.
Epi mwen te di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.

< Ezekiel 11 >