< Psalms 56 >

1 For the Leader; upon Jonath-elem-rehokim. A Psalm of David; Michtam; when the Philistines took him in Gath. Be gracious unto me, O God, for man would swallow me up; all the day he fighting oppresseth me.
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.
2 They that lie in wait for me would swallow me up all the day; for they are many that fight against me, O Most High,
Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.
3 In the day that I am afraid, I will put my trust in Thee.
Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
4 In God — I will praise His word — in God do I trust, I will not be afraid; what can flesh do unto me?
Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?
5 All the day they trouble mine affairs; all their thoughts are against me for evil.
Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
6 They gather themselves together, they hide themselves, they mark my steps; according as they have waited for my soul.
Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.
7 Because of iniquity cast them out; in anger bring down the peoples, O God.
Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
8 Thou has counted my wanderings; put Thou my tears into Thy bottle; are they not in Thy book?
Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
9 Then shall mine enemies turn back in the day that I call; this I know, that God is for me.
Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
10 In God — I will praise His word — in the LORD — I will praise His word —
M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.
11 In God do I trust, I will not be afraid; what can man do unto me?
Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
12 Thy vows are upon me, O God; I will render thank-offerings unto Thee.
O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.
13 For thou hast delivered my soul from death; hast Thou not delivered my feet from stumbling? that I may walk before God in the light of the living.
Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.

< Psalms 56 >