< Psalms 53 >
1 For the Leader; upon Mahalath. Maschil of David. The fool hath said in his heart: 'There is no God'; they have dealt corruptly, and have done abominable iniquity; there is none that doeth good.
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath Yon refleksyon pa David Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”. Yo konwonpi! Yo fè zak enjis ki abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 God looked forth from heaven upon the children of men, to see if there were any man of understanding, that did seek after God.
Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.
3 Every one of them is unclean, they are together become impure; there is none that doeth good, no, not one.
Yo tout te vire akote. Ansanm yo vin konwonpi. Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
4 'Shall not the workers of iniquity know it, who eat up My people as they eat bread, and call not upon God?'
Èske malfektè a mechanste (sila) yo pa gen okenn konesans, ka p manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje, epi ki pa rele Bondye?
5 There are they in great fear, where no fear was; for God hath scattered the bones of him that encampeth against thee; Thou hast put them to shame, because God hath rejected them.
La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a (sila) ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.
6 Oh that the salvation of Israel were come out of Zion! When God turneth the captivity of His people, let Jacob rejoice, let Israel be glad.
O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.