< Ezekiel 7 >

1 Moreover the word of the LORD came unto me, saying:
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 'And thou, son of man, thus saith the Lord GOD concerning the land of Israel: An end! the end is come upon the four corners of the land.
Ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a.
3 Now is the end upon thee, and I will send Mine anger upon thee, and will judge thee according to thy ways; and I will bring upon thee all thine abominations.
Se koulye a, lafen an sou ou, e Mwen va voye kòlè Mwen kont ou. Mwen va jije ou selon zèv ou. Mwen va mennen tout abominasyon ou yo sou ou.
4 And Mine eye shall not spare thee, neither will I have pity; but I will bring thy ways upon thee, and thine abominations shall be in the midst of thee; and ye shall know that I am the LORD.
Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo va pami ou, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!
5 Thus saith the Lord GOD: An evil, a singular evil, behold, it cometh.
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini.
6 An end is come, the end is come, it awaketh against thee; behold, it cometh.
Lafen an ap vini. Lafen an gen tan rive! Li te leve kont ou. Gade byen, li fin rive!
7 The turn is come unto thee, O inhabitant of the land; the time is come, the day of tumult is near, and not of joyful shouting upon the mountains.
Move lè ou a fin rive, O moun peyi a! Lè a rive! Jou toupre a—gwo zen olye kri lajwa a ap kriye sou mòn yo.
8 Now will I shortly pour out My fury upon thee, and spend Mine anger upon thee, and will judge thee according to thy ways; and I will bring upon thee all thine abominations.
Koulye a, nan yon ti tan, Mwen va vide kòlè Mwen sou ou, e achevi kòlè Mwen kont ou. Konsa, M ap jije ou selon tout chemen ou yo, e mennen sou ou tout abominasyon ou yo.
9 And Mine eye shall not spare, neither will I have pity; I will bring upon thee according to thy ways, and thine abominations shall be in the midst of thee; and ye shall know that I the LORD do smite.
Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.
10 Behold the day; behold, it cometh; the turn is come forth; the rod hath blossomed, arrogancy hath budded.
“‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri.
11 Violence is risen up into a rod of wickedness; nought cometh from them, nor from their tumult, nor from their turmoil, neither is there eminency among them.
Vyolans fin grandi pou vin fè yon baton mechanste. Okenn nan yo p ap rete; okenn nan moun yo, okenn nan richès yo, ni okenn bagay ki gen gwo valè pami yo.
12 The time is come, the day draweth near; let not the buyer rejoice, nor the seller mourn; for wrath is upon all the multitude thereof.
Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo.
13 For the seller shall not return to that which is sold, although they be yet alive; for the vision is touching the whole multitude thereof, which shall not return; neither shall any stand possessed of the iniquity of his life.
Anverite, moun k ap vann nan p ap retounen nan sa li te vann nan, malgre yo toujou vivan; paske vizyon konsène tout foul moun yo. Yo p ap retounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo nan mitan inikite yo.
14 They have blown the horn, and have made all ready, but none goeth to the battle; for My wrath is upon all the multitude thereof.
Yo te soufle twonpèt la, e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.
15 The sword is without, and the pestilence and the famine within; he that is in the field shall die with the sword, and he that is in the city, famine and pestilence shall devour him.
“‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo.
16 But they that shall at all escape of them, shall be on the mountains like doves of the valleys, all of them moaning, every one in his iniquity.
Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo.
17 All hands shall be slack, and all knees shall drip with water.
Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo.
18 They shall also gird themselves with sackcloth, and horror shall cover them; and shame shall be upon all faces, and baldness upon all their heads.
Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv.
19 They shall cast their silver in the streets, and their gold shall be as an unclean thing; their silver and their gold shall not be able to deliver them in the day of the wrath of the LORD; they shall not satisfy their souls, neither fill their bowels; because it hath been the stumblingblock of their iniquity.
Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite.
20 And as for the beauty of their ornament, which was set for a pride, they made the images of their abominations and their detestable things thereof; therefore have I made it unto them as an unclean thing.
Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.
21 And I will give it into the hands of the strangers for a prey, and to the wicked of the earth for a spoil; and they shall profane it.
Mwen va bay li nan men etranje yo kon piyaj, nan men mechan sou latè yo kon donmaj, e yo va pwofane li nèt.
22 I will also turn My face from them, and they shall profane My secret place; and robbers shall enter into it, and profane it.
Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.
23 Make the chain; for the land is full of bloody crimes, and the city is full of violence.
“‘Fè chèn nan, paske peyi a plen ak krim sanglan, e vil la plen ak vyolans.
24 Wherefore I will bring the worst of the nations, and they shall possess their houses; I will also make the pride of the strong to cease; and their holy places shall be profaned.
Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.
25 Horror cometh; and they shall seek peace, and there shall be none.
Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm.
26 Calamity shall come upon calamity, and rumour shall be upon rumour; and they shall seek a vision of the prophet, and instruction shall perish from the priest, and counsel from the elders.
Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo.
27 The king shall mourn, and the prince shall be clothed with appalment, and the hands of the people of the land shall be enfeebled; I will do unto them after their way, and according to their deserts will I judge them; and they shall know that I am the LORD.'
Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”

< Ezekiel 7 >