< Isaiah 61 >

1 The Spirit of the Lord God is on me, because the Lord has anointed me to bring good news to the poor. He has sent me to heal the brokenhearted, to announce liberation to the captives, to set the prisoners free,
Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
2 to declare the year of the Lord's grace and the day of our God's punishment, to comfort those who mourn.
Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,
3 The Lord will give to everyone who mourns in Zion a crown instead of ashes on their head, the oil of happiness instead of mourning, clothes of praise instead of a spirit of despair. They will be called oaks of integrity, planted by the Lord to reveal his glory.
pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
4 They will rebuild the old ruins; they will restore places abandoned long ago; they will restore towns that were destroyed, places left desolate for generation after generation.
Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.
5 Foreigners will shepherd your flocks, and take care of your fields, and look after your vineyards.
Se moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo. Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo.
6 You will be called priests of the Lord, identified as ministers of our God. You will enjoy the wealth of nations and be proud that you have it.
Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.
7 Instead of shame you will receive a double blessing; instead of insults, you will be happy to have a double amount of land given to you, and your joy will last forever.
Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete.
8 I, the Lord, love what is right. I hate robbery and injustice. I will faithfully reward my people and make an everlasting agreement with them.
Seyè a di: -Mwen menm, Seyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo, m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.
9 Their descendants will be acknowledged among the nations, and their children among the peoples. Everyone who sees them will agree that they are people that the Lord has blessed.
Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Seyè a, mwen beni.
10 I will happily celebrate in the Lord! My whole being will shout praises to my God. For he has dressed me with the clothing of salvation, and has wrapped around me in a robe of goodness. I am like a bridegroom dressed for the wedding, like a bride wearing her jewels.
Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.
11 Just as the earth sends up shoots, and plants grow in a garden, so the Lord makes goodness and praise grow before all nations.
Menm jan tè a fè ti plant yo pouse, menm jan grenn yo leve nan jaden, konsa tou, Seyè ki la pou tout tan an va delivre pèp li a. Tout nasyon va fè lwanj li toupatou.

< Isaiah 61 >