< Ezekiel 21 >

1 A message from the Lord came to me, saying,
Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
2 “Son of man, face towards Jerusalem and condemn their places of worship. Prophesy against the people living in Israel
-Nonm o! Vire figi ou gade nan direksyon lavil Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo!
3 and tell them that this is what the Lord says: Watch out, because I'm going to attack you! I'm going to take out my sword and destroy you, both the good and the bad.
W'a di yo: Men mesaj Seyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou koulye a. Mwen pral rale nepe m' nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move.
4 Because I'm going to destroy both the good and the bad, I will attack everyone from the north to the south.
Wi, mwen pral touye bon moun kou move moun nan peyi a. Se poutèt sa menm mwen pral rale nepe m' nan djenn li pou touye tout moun depi nan sid rive nan nò.
5 Then the whole world will know that I, the Lord, have taken out my sword, and won't put it back again.
Tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rale nepe m' nan djenn li. Anyen p'ap ka fè m' mete l' nan plas li ankò.
6 You, son of man, you are to groan. Groan as if you're broken up inside, showing terrible sadness while they watch you.
Men ou menm, nonm o! Se pou ou plenn paske kè ou ap fann, ou dekouraje. Wi, se pou ou plenn pou tout moun ka wè ou.
7 When they ask, ‘What are you groaning for?’ you are to tell them, ‘Because of the news that's coming. All of you will lose your courage and you'll be paralyzed with fear. All of you will be weak with worry—you won't be able to stand up!’ Watch out, because it's coming! It's going to happen! declares the Lord God.”
Lè y'a mande ou poukisa w'ap plenn konsa, w'a di yo: Se paske m' pran nouvèl malè ki pral rive a. Lè l'a rive vre, kè tout moun pral kase, ponyèt yo ap febli, y'ap pèdi tout fòs kouraj yo, yo p'ap ka kanpe sou janm yo. Lè a rive, li deja sou nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
8 Another message from the Lord came to me, saying,
Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
9 “Son of man, prophesy! Tell them this is what the Lord says: There's a sword, a sword that's being sharpened and polished.
-Nonm o! Bay mesaj sa a. Di pèp la men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di yo: Nepe a, nepe a! Men y'ap file l'. Men y'ap netwaye li.
10 It's sharpened for killing and polished so it will flash like lightning! (Are we to be happy, saying, ‘The scepter of my son despises every other stick’?)
Y'ap file l' pou touye moun. Y'ap netwaye li pou fè l' fè zèklè. Pa gen fè fèt ankò, paske pèp mwen an pa okipe avètisman ak pinisyon mwen te ba li.
11 The sword is being polished right now, ready to be used. It's sharp and polished, ready to be handed over to the killer.
Wi, y'ap netwaye nepe a. Y'ap pare l' pou moun ka sèvi avè l'. Y'ap file l', y'ap netwaye l' pou yo mete l' nan men bouwo a.
12 Weep and wail, son of man, and slap your thigh in grief, for the sword is going to be used to attack my people, to attack all the leaders of Israel! They will be thrown away, killed by the sword along with my people.
Ou menm, nonm o! Rele kont rele ou! Rele byen fò. Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a, pou tout chèf pèp Izrayèl yo. Yo pral touye yo ansanm ak tout pèp mwen an. Pran lapenn pou yo!
13 They will be tested. What if the scepter that despises others doesn't continue? declares the Lord God.
N'ap sonde pèp la. Si yo derefize chanje, tout bagay sa yo ap rive vre! Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
14 So son of man, prophesy and clap your hands. The sword will attack twice, and then a third time. It is a sword of death, killing many people by coming at them from every direction.
Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire.
15 I have placed a sword at all the gates of their city so that they may lose their courage, and many may fall. Oh no! It's made to flash like lightning and used to kill.
L'ap fè pèp mwen an pèdi tout kouraj li, y'ap tonbe yonn sou lòt. Mwen mete nepe nan tout pòtay yo, yon nepe k'ap bay zèklè, yon nepe ki pare pou touye anpil moun.
16 Slash right and left, whichever way you're facing.
Ou menm, nepe file, koupe sou bò dwat, koupe sou bò gòch. Kote ou vire, koupe!
17 I will also clap my hands, and then my anger will be over. I, the Lord, have spoken.”
Mwen menm tou, m'ap bat men pou ankouraje. Se pou m' move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.
18 Another message from the Lord came to me, saying,
Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
19 “Son of man, mark the two roads that the king of Babylon's army could take, beginning from the same country. Make a signpost where the road forks, leading to two different cities.
-Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l'. De chemen yo ap soti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a,
20 Have one sign point down the road for an attack on the Ammonite city of Rabbah, and another to attack Judah and the fortified city of Jerusalem.
yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a.
21 The king of Babylon is standing at the fork in the road where the two roads meet looking for a prophetic sign: he casts lots using arrows, he asks advice from idols, and he examines the liver of sacrificial animals.
Wa Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l' fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo.
22 He holds the sign for Jerusalem in his right hand. This is where he is going to set up battering rams, to give the command to attack, to shout the war-cry. There he will order the battering rams to smash the gates, set up an attack ramp, and build a siege wall.
Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou.
23 To those who have sworn to be loyal to Nebuchadnezzar this will look like a false sign, but it will reveal their guilt and they will be taken prisoner.
Moun lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l'. Men, mesaj w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye.
24 So this is what the Lord God says: Because you have revealed your guilt and demonstrated your rebellion, showing your sins in everything you've done, now that you've made all this clear, you will be taken prisoner.
Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.
25 As for you, you unclean, wicked prince of Israel, the time has come to complete your punishment.
Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.
26 This is what the Lord God says: Take off your turban, and your crown. Things won't continue as they were. Give power to the common people and bring down the powerful!
Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe.
27 I'm going to destroy everything, make it all a ruin! It won't be restored until its owner arrives, the one I've given the authority to judge.
Kraze, kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l' m'ap lage l'.
28 Prophesy, son of man, and announce that this is what the Lord God says about the Ammonites and their insults: A sword! A sword is ready for killing, polished to destroy, to flash like lightning,
-Nonm o! Bay mesaj la! Pale. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa: Nepe a, nepe a pare pou touye! Li byen file pou depatcha. Li byen netwaye pou fè l' fè zèklè.
29 even as your prophets give you false visions and prophecies that are lies. This sword will cut the necks of the wicked, killing them—those whose day has come for their punishment to be completed.
Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.
30 Sword, go back to where you came from! I'm going to judge you right where you were created, in your homeland.
Remete nepe a nan djenn li. Mwen pral jije ou kote yo te kreye ou la, nan peyi kote ou te fèt la.
31 I will deal with you in my anger; I will breathe my fire of anger on you; I will hand you over to cruel men who are experts in destruction.
M'ap fè ou santi jan m' move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun.
32 You will be burned up like firewood. Your blood will be shed where you live. You will be forgotten, for I, the Lord, have spoken.”
Dife pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pesonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.

< Ezekiel 21 >