< Exodus 39 >

1 They made woven clothing from blue, purple, and crimson thread for serving in the sanctuary. They also made holy clothing garments for Aaron, as the Lord had ordered Moses to do.
Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
2 They made the ephod of finely-woven linen embroidered with gold, and with blue, purple, and crimson thread.
Li te fè efòd la avèk lò, epi nan materyo ble, mov, e wouj avèk twal fen blan.
3 They hammered out thin sheets of gold and cut threads from them to weave in with the blue, purple, and scarlet thread, together with fine linen, all skillfully worked.
Alò, yo te bat mòso plat an lò yo, yo te koupe yo fè fil fen pou trese nan materyo ble a, mov la, wouj la e twal fen blan an, èv a yon mèt ouvriye.
4 Two shoulder pieces were attached to the front and back pieces.
Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo.
5 The waistband of the ephod was one piece made in the same way, using gold thread, with blue, purple, and crimson thread, and with finely-woven linen, as the Lord had ordered Moses to do.
Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.
6 They placed the onyx stones in ornamental gold settings, engraved with the names of the Israelite tribes in the same way a jeweler engraves a personal seal.
Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo.
7 They attached both stones to the shoulder pieces of the ephod as reminders for the Israelite tribes, as the Lord had ordered Moses to do.
Konsa, li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
8 They also made a breastpiece for decisions in the same skilful way as the ephod, to be used in determining the Lord's will. They made it using gold thread, with blue, purple, and crimson thread, and with finely-woven linen.
Li te fè pyès lestomak la, zèv a yon mèt ouvriye, tankou travay la fèt nan efòd la: avèk materyo an lò, an ble, an mov, e an wouj avèk twal fen blan byen tòde.
9 It was square when folded, measuring around nine inches in length and width.
Li te kare. Yo te fè pyès lestomak la plwaye doub, longè a yon epann, e yon epann nan lajè lè li plwaye doub.
10 They attached an arrangement of precious stones in four rows as follows. In the first row carnelian, peridot, and emerald.
Yo te monte kat ranje pyè presye sou li. Premye ranje a te yon ranje avèk woubi, topaz, avèk emwod.
11 In the second row turquoise, lapis lazuli, and sardonyx.
Nan dezyèm ranje a te gen yon tikwaz, yon safi, ak yon dyaman;
12 In the third row jacinth, agate, and amethyst.
epi nan twazyèm ranje a yon jasent, yon agat, ak yon ametis;
13 In the fourth row topaz, beryl, and jasper. They were all placed in ornamental gold settings.
epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte.
14 Each of the twelve stones were engraved like a personal seal with the name of one of the twelve Israelites tribes and represented them.
Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo.
15 They made cords of braided chains from pure gold to attach the breastpiece.
Yo te fèt sou chenn pyès lestomak la tankou kòd ki te kòd tòde yo, lèv ki fèt an lò pi.
16 They made two gold settings and two gold rings and fastened the rings to the two top corners of the breastpiece.
Yo te fè de monti yo byen fen an lò ak de wondèl lò yo, epi te plase wondèl yo nan de pwent pyès lestomak la.
17 They attached the two gold chains to the two gold rings on the corners of the breastpiece,
Alò yo te mete de kòd lò yo nan de monti de wondèl lò yo nan pwent ki pou pyès lestomak la.
18 and then fastened the opposite ends of the two chains to the ornamental gold settings on the shoulder pieces of the front side of the ephod.
Yo te mete lòt de pwent yo nan de kòd yo avèk de monti yo fèt byen fen, e yo te mete yo sou pyès zepòl yo nan efòd la pa devan li.
19 They made two more gold rings and attached them to the two lower corners of the breastpiece, on the inside edge next to the ephod.
Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la.
20 They made two more gold rings and attached them to the bottom of the two shoulder pieces of the front side of the ephod, near where it joins its woven waistband.
Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la.
21 They tied the rings of the breastpiece to the rings of the ephod with a cord of blue thread, so that the breastpiece wouldn't come loose from the ephod, as the Lord had ordered Moses to do.
Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 They made the robe that goes with the ephod exclusively from woven blue cloth,
Alò li te fè abiman efòd la tankou yon èv tise, tout an ble;
23 with an opening in the middle at the top. They stitched a woven collar around the opening to strengthen it so it wouldn't tear.
epi ouvèti abiman an te anwo nan mitan, tankou ouvèti ki nan yon pwotèj lagè avèk yon woulèt ki antoure l pou l pa vin chire.
24 They made pomegranates using blue, purple, and crimson thread and finely-woven linen and attached them all the way around its hem.
Yo te fè grenad avèk materyo ble, mov, wouj ak twal fen blan byen tòde nan woulèt abiman an.
25 They made pure gold bells and attached them between the pomegranates all the way around its hem,
Yo te osi fè klòch avèk lò pi, e yo te plase klòch yo antre grenad yo toutotou woulèt abiman an,
26 having the bells and the pomegranates alternate. The robe was to be used for priestly service, as the Lord had ordered Moses to do.
ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
27 They made tunics with finely-spun linen made by a weaver for Aaron and his sons.
Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo,
28 They also made turbans, headdresses, and headbands of fine linen, and finely-woven linen undershorts,
epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo,
29 as well as sashes of finely-woven linen embroidered with blue, purple, and crimson thread, as the Lord had ordered Moses to do.
epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 They made the plate of the holy crown of pure gold and wrote on it, engraved like a seal, “Holy to the Lord.”
Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”.
31 They tied a blue cord to it to attach it to the front of the turban, as the Lord had ordered Moses to do.
Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
32 So all the work for the Tabernacle, the Tent of Meeting, was finished. The Israelites did everything as the Lord had ordered Moses to do.
Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.
33 Then they presented the Tabernacle to Moses: the tent with all its furniture, its clips, its frames, its crossbars, and its posts and stands;
Yo te mennen tabènak la vè Moïse, tant lan avèk tout sa ki te founi li yo: kwòk li yo, planch li yo, travès li yo, ak pilye li yo avèk baz reseptikal li yo;
34 the covering of tanned ram skins, the covering of fine leather, and the veil;
epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la;
35 the Ark of the Testimony with its poles and the atonement cover;
lach a temwayaj la avèk poto li yo, ak chèz pwopyatwa a;
36 the table with all its equipment and the Bread of the Presence;
tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan;
37 the pure gold lampstand with its lamps placed in a row, and all its equipment, as well as the olive oil for the lamps;
chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a;
38 the gold altar, the anointing oil, the aromatic incense, and the screen for the tent's entrance;
epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;
39 the bronze altar with its bronze grate, its poles, and all its utensils; the basin plus its stand;
lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;
40 the curtains of the courtyard and its posts and stands; the curtain for the courtyard entrance, its ropes and tent pegs, and all the equipment for the services of Tabernacle, the Tent of Meeting;
afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;
41 and the woven garments for serving in the sanctuary, the holy clothes for Aaron the priest and for his sons to serve as priests.
vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.
42 The Israelites did all the work that the Lord had ordered Moses to do.
Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
43 Moses inspected all the work and made sure they had done it as the Lord had ordered. Then Moses blessed them.
Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.

< Exodus 39 >