< 2 Chronicles 14 >

1 Abijah died and was buried in the City of David. His son Asa took over as king. For ten years of his reign the country was at peace.
Lè Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan.
2 Asa did what was good and right in the Lord's sight.
Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la.
3 He took down the foreign altars and high places, smashed their sacred pillars, and cut down the Asherah poles.
Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.
4 He ordered Judah to worship the Lord, the God of their forefathers, and to observe the law and the commandments.
Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo.
5 He also took down the high places and the incense altars from all the towns of Judah. Under his rule the kingdom was at peace.
Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze.
6 Because the country was at peace he was able to rebuild the fortified towns of Judah. There were no wars during these years because the Lord had granted him peace.
Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo.
7 Asa told the people of Judah, “Let us build up these towns and surround them with walls and towers and barred gates. The land is still ours, because we continue to worship the Lord our God. We worship him, and he has given us peace from all our enemies.” So they began the building projects, and completed them successfully.
Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'.
8 Asa had an army made up of three hundred thousand men from Judah who carried large shields and spears, and two hundred eighty thousand men from Benjamin who carried regular shields and bows. All of them were brave warriors.
Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda.
9 Zerah the Ethiopian attacked them with an army of a thousand times a thousand men and three hundred chariots, advancing as far as Mareshah.
Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.
10 Asa went out to confront him, lining up for battle in the Valley of Zephathah at Mareshah.
Asa soti ak lame pa l' la al kontre avè l'. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha.
11 Asa called out for help to the Lord his God: “Lord, there is no one apart from you who can help the powerless against the powerful. Please help us, Lord our God, for we trust in you. We have come against this horde because we stand for you, Lord. You are our God. Do not let a mere human being beat you.”
Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!
12 The Lord struck the Ethiopians in front of Asa and Judah, and the Ethiopians ran away.
Se konsa, Seyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letiopi a. Lame Letiopi a kouri met deyò.
13 Asa and his army chased them as far as Gerar. The Ethiopians were killed—there were none who survived, for they were caught between the Lord and his army. The men of Judah carried off a large amount of plunder.
Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite.
14 They also attacked all the towns around Gerar, because the inhabitants were terrified of the Lord. The men of Judah took a large amount of plunder from all the towns.
Lèfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Seyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen.
15 Then they attacked the camps of the herdsmen and took many sheep and camels. Then they went back to Jerusalem.
Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.

< 2 Chronicles 14 >