< Matthew 13 >

1 On the same day Jesus went out of the house and sat by the sea.
Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a.
2 And large crowds were gathered together to Him, so He got into a boat to sit down; and the whole crowd stood on the shore.
Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.
3 Then He spoke many things to them in parables saying: “Listen, a sower went out to sow.
Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.
4 And as he sowed, some seeds fell alongside the road, and the birds came and devoured them.
Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo.
5 Others fell on stony places, where they did not have much earth; so they sprouted quickly because they had no depth of earth.
Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.
6 But when the sun came up they were scorched, and because they had no root they withered away.
Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
7 And others fell among the thorns, and the thorns grew up and smothered them.
Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo.
8 But others fell on the good ground and yielded a crop: some a hundredfold, some sixty, some thirty.
Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.
9 He who has ears to hear, let him hear!”
Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
10 And the disciples approached and said to Him, “Why do you speak to them in parables?”
Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11 So in answer He said to them: “To you it has been given to know the mysteries of the kingdom of the heavens, but to them it has not been given.
Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.
12 For whoever has, to him more will be given and he will have abundance; but whoever does not have, even what he has will be taken away from him.
Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
13 Therefore I speak to them in parables, that seeing they not see and hearing they not hear nor understand.
Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.
14 And in them the prophecy of Isaiah is fulfilled, which says: ‘By hearing you (ye) will hear and not understand, and seeing you will see and not perceive.
Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di: ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann; nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15 Because the A hearts of this people have grown dull, and their B ears hard of hearing, and their C eyes they have closed; lest they should see with their C eyes and hear with their B ears and understand with their A hearts, and turn around; and I would heal them.’
Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
16 But blessed are your eyes because they see, and your ears because they hear;
“Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.
17 for assuredly I say to you that many prophets and righteous ones desired to see what you see and did not see it, and to hear what you hear and did not hear it.
Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
18 “Therefore hear the parable of the sower:
“Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an.
19 When anyone hears the word of the kingdom and does not understand, the malignant one comes and snatches away what was sown in his heart—this is the seed sown alongside the road.
Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.
20 But the seed sown on stony places—this is he who hears the word and directly receives it with joy,
Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa;
21 but he has no root in himself and is short-lived; for when trial or persecution comes because of the word, directly he is offended.
men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.
22 But the seed sown among the thorns—this is he who hears the word, but the care of this age and the deceitfulness of riches choke out the word, and it becomes fruitless. (aiōn g165)
Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. (aiōn g165)
23 Now the seed sown on the good ground—this is he who hears the word and understands, who indeed bears fruit and produces: some a hundredfold, some sixty, some thirty.”
Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
24 He put another parable to them, saying: “The kingdom of the heavens is like a man who sowed good seed in his field;
Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.
25 but while the people were sleeping his enemy came and sowed tares among the wheat and went away.
Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale.
26 But when the stalk sprouted and produced fruit, then the tares also appeared.
Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou.
27 So the servants of the owner came and said to him, ‘Sir, was it not good seed that you sowed in your field? How then does it have tares?’
Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
28 He said to them, ‘An enemy did it.’ The servants said to him, ‘So do you want us to go and gather them up?’
“Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
29 But he said: ‘No, lest gathering up the tares you also uproot the wheat with them.
“Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou.
30 Let both grow together until the harvest, and at the time of the harvest I will say to the reapers, “First gather up the tares and bind them into bundles to burn them, but gather the wheat into my barn.”’”
Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”
31 He put another parable to them, saying: “The kingdom of the heavens is like a mustard seed which a man took and sowed in his field;
Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.
32 which indeed is smaller than all the seeds, but when it is grown it is greater than all the vegetables and becomes a tree, so that the birds of the air come and rest in its branches.”
Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
33 He spoke another parable to them: “The kingdom of the heavens is like yeast, which a woman took and hid in three measures of meal until it was all leavened.”
Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
34 All these things Jesus spoke to the crowds in parables, and without a parable He did not speak to them,
Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl.
35 so that what was spoken through the prophet should be fulfilled, namely: “I will open my mouth in parables; I will utter things kept secret from the foundation of the world.”
Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
36 Then Jesus dismissed the crowds and went into the house. And His disciples approached Him saying, “Explain to us the parable of the tares of the field.”
Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
37 So He answered and said to them: “He who sows the good seed is the Son of the Man.
Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan.
38 The field is the world; as for the good seed, these are the sons of the kingdom, while the tares are the sons of the malignant one.
Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an.
39 The enemy who sowed them is the devil; the harvest is the end of the age, and the reapers are angels. (aiōn g165)
Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. (aiōn g165)
40 Therefore just as the tares are gathered and burned with fire, so it will be at the end of this age. (aiōn g165)
Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. (aiōn g165)
41 The Son of the Man will send out His angels, and they will collect out of His kingdom everything that is offensive, and those who perpetrate lawlessness;
Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.
42 and they will throw them into the furnace of fire. There there will be weeping and gnashing of teeth.
L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo.
43 Then the righteous will shine forth as the sun in the kingdom of their Father. He who has ears to hear, let him hear.
Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
44 “Again, the kingdom of the heavens is like a treasure hidden in a field, which a man found and re-hid, and in his joy he goes and sells everything he has and buys that field.
“Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45 “Again, the kingdom of the heavens is like a man, a merchant, seeking beautiful pearls,
“Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl.
46 who upon finding one very valuable pearl went and sold everything he had and bought it.
Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
47 “Again, the kingdom of the heavens is like a seine that was cast into the sea and gathered of every kind,
“Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.
48 which, when it was full, they pulled upon the shore; and sitting down they collected the good into vessels, but threw out the bad.
Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo.
49 So it will be at the end of the age. The angels will come forth and will separate the malignant out from among the righteous, (aiōn g165)
Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. (aiōn g165)
50 and they will throw them into the furnace of fire. There there will be weeping and gnashing of teeth.”
Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
51 Jesus says to them, “Did you understand all these things?” They say to Him, “Yes, Lord.”
“Èske nou konprann tout bagay sa yo?” Yo reponn Li: “Wi”.
52 So He said to them, “Therefore every scribe who has been discipled into the kingdom of the heavens is like a man, a householder, who brings out of his reservoir things new and old.”
Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
53 Now it happened, when Jesus had finished these parables, that He departed from there.
Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la.
54 And coming into His hometown He began to teach them in their synagogue, so that they were astonished and said: “Where did this man get this wisdom, and the mighty works?
Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
55 Is this not the carpenter's son? Is not his mother called Mary, and his brothers James and Joses and Simon and Jude?
Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas?
56 And his sisters, are they not all with us? Where then did this man get all these things?”
Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?”
57 So they were offended at him. But Jesus said to them, “A prophet is not without honor except in his hometown and in his own house.”
Konsa, yo te pran ofans de Li. Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”
58 And He did not do many mighty works there because of their unbelief.
Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.

< Matthew 13 >