< Matthew 5 >

1 And seeing the multitudes, he went up into a mountain, and when he was set down, his disciples came unto him.
Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'.
2 And opening his mouth, he taught them, saying:
Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:
3 Blessed are the poor in spirit: for theirs is the kingdom of heaven.
Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
4 Blessed are the meek: for they shall possess the land.
Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj.
5 Blessed are they that mourn: for they shall be comforted.
Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.
6 Blessed are they that hunger and thirst after justice: for they shall have their fill.
Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.
7 Blessed are the merciful: for they shall obtain mercy.
Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.
8 Blessed are the clean of heart: for they shall see God.
Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.
9 Blessed are the peacemakers: for they shall be called children of God.
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
10 Blessed are they that suffer persecution for justice’ sake: for theirs is the kingdom of heaven.
Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
11 Blessed are ye when they shall revile you, and persecute you, and speak all that is evil against you, untruly, for my sake:
Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
12 Be glad and rejoice, for your reward is very great in heaven. For so they persecuted the prophets that were before you.
Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
13 You are the salt of the earth. But if the salt lose its savour, wherewith shall it be salted? It is good for nothing any more but to be cast out, and to be trodden on by men.
Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.
14 You are the light of the world. A city seated on a mountain cannot be hid.
Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.
15 Neither do men light a candle and put it under a bushel, but upon a candlestick, that it may shine to all that are in the house.
Ni yo pa limen yon lanp pou mete l' anba yon mamit. Men, yo mete l' sou yon etajè, pou l' klere pou tout moun ki nan kay la.
16 So let your light shine before men, that they may see your good works, and glorify your Father who is in heaven.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
17 Do not think that I am come to destroy the law, or the prophets. I am not come to destroy, but to fulfill.
Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.
18 For amen I say unto you, till heaven and earth pass, one jot, or one tittle shall not pass of the law, till all be fulfilled.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.
19 He therefore that shall break one of these least commandments, and shall so teach men, shall be called the least in the kingdom of heaven. But he that shall do and teach, he shall be called great in the kingdom of heaven.
Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.
20 For I tell you, that unless your justice abound more than that of the scribes and Pharisees, you shall not enter into the kingdom of heaven.
Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
21 You have heard that it was said to them of old: Thou shalt not kill. And whosoever shall kill shall be in danger of the judgment.
Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo.
22 But I say to you, that whosoever is angry with his brother, shall be in danger of the judgment. And whosoever shall say to his brother, Raca, shall be in danger of the council. And whosoever shall say, Thou Fool, shall be in danger of hell fire. (Geenna g1067)
Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a. (Geenna g1067)
23 If therefore thou offer thy gift at the altar, and there thou remember that thy brother hath any thing against thee;
Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:
24 Leave there thy offering before the altar, and go first to be reconciled to thy brother: and then coming thou shalt offer thy gift.
Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an.
25 Be at agreement with thy adversary betimes, whilst thou art in the way with him: lest perhaps the adversary deliver thee to the judge, and the judge deliver thee to the officer, and thou be cast into prison.
Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l' antan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon.
26 Amen I say to thee, thou shalt not go out from thence till thou repay the last farthing.
Sa m'ap di ou la, se vre wi: ou p'ap soti nan prizon an toutotan ou pa peye dènye lajan yo mande ou la.
27 You have heard that it was said to them of old: Thou shalt not commit adultery.
Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè.
28 But I say to you, that whosoever shall look on a woman to lust after her, hath already committed adultery with her in his heart.
Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.
29 And if thy right eye scandalize thee, pluck it out and cast it from thee. For it is expedient for thee that one of thy members should perish, rather than that thy whole body be cast into hell. (Geenna g1067)
Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. (Geenna g1067)
30 And if thy right hand scandalize thee, cut it off, and cast it from thee: for it is expedient for thee that one of thy members should perish, rather than that thy whole body be cast into hell. (Geenna g1067)
Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè. (Geenna g1067)
31 And it hath been said, whosoever shall put away his wife, let him give her a bill of divorce.
Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs.
32 But I say to you, that whosoever shall put away his wife, excepting for the cause of fornication, maketh her to commit adultery: and he that shall marry her that is put away, committeth adultery.
Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l' kite l', li fè adiltè tou.
33 Again you have heard that it was said to them of old, Thou shalt not forswear thyself: but thou shalt perform thy oaths to the Lord.
Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Ou pa dwe refize fè sa ou te sèmante pou ou te fè a. Se pou ou fè sa ou te sèmante fè devan Bondye.
34 But I say to you not to swear at all, neither by heaven, for it is the throne of God:
Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman menm. Pa fè sèman sou syèl la, paske syèl la se fotèy kote Bondye chita.
35 Nor by the earth, for it is his footstool: nor by Jerusalem, for it is the city of the great king:
Pa fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a.
36 Neither shalt thou swear by thy head, because thou canst not make one hair white or black.
Pa fè sèman non plis sou tèt pa ou, paske ou pa ka fè yon sèl grenn cheve nan tèt ou tounen blan osinon nwa.
37 But let your speech be yea, yea: no, no: and that which is over and above these, is of evil.
Men, lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa soti.
38 You have heard that it hath been said, An eye for an eye, and a tooth for a tooth.
Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.
39 But I say to you not to resist evil: but if one strike thee on thy right cheek, turn to him also the other:
Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.
40 And if a man will contend with thee in judgment, and take away thy coat, let go thy cloak also unto him.
Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou.
41 And whosoever will force thee one mile, go with him other two,
Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l'.
42 Give to him that asketh of thee and from him that would borrow of thee turn not away.
Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.
43 You have heard that it hath been said, Thou shalt love thy neighbor, and hate thy enemy.
Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo.
44 But I say to you, Love your enemies: do good to them that hate you: and pray for them that persecute and calumniate you:
Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
45 That you may be the children of your Father who is in heaven, who maketh his sun to rise upon the good, and bad, and raineth upon the just and the unjust.
Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.
46 For if you love them that love you, what reward shall you have? do not even the publicans this?
Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou?
47 And if you salute your brethren only, what do you more? do not also the heathens this?
Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou?
48 Be you therefore perfect, as also your heavenly Father is perfect.
Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.

< Matthew 5 >