< Matthew 25 >

1 Then shall the kingdom of heaven be like to ten virgins, who taking their lamps went out to meet the bridegroom and the bride.
“Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a.
2 And five of them were foolish, and five wise.
Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann.
3 But the five foolish, having taken their lamps, did not take oil with them:
Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo.
4 But the wise took oil in their vessels with the lamps.
Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo.
5 And the bridegroom tarrying, they all slumbered and slept.
Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.
6 And at midnight there was a cry made: Behold the bridegroom cometh, go ye forth to meet him.
“Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’
7 Then all those virgins arose and trimmed their lamps.
“Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo.
8 And the foolish said to the wise: Give us of your oil, for our lamps are gone out.
Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’
9 The wise answered, saying: Lest perhaps there be not enough for us and for you, go ye rather to them that sell, and buy for yourselves.
“Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’
10 Now whilst they went to buy, the bridegroom came: and they that were ready, went in with him to the marriage, and the door was shut.
“Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.
11 But at last come also the other virgins, saying: Lord, Lord, open to us.
“Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.
12 But he answering said: Amen I say to you, I know you not.
“Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’
13 Watch ye therefore, because you know not the day nor the hour.
“Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.
14 For even as a man going into a far country, called his servants, and delivered to them his goods;
“Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm.
15 And to one he gave five talents, and to another two, and to another one, to every one according to his proper ability: and immediately he took his journey.
A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la.
16 And he that had received the five talents, went his way, and traded with the same, and gained other five.
Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis.
17 And in like manner he that had received the two, gained other two.
“Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.
18 But he that had received the one, going his way digged into the earth, and hid his lord’s money.
Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
19 But after a long time the lord of those servants came, and reckoned with them.
“Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo.
20 And he that had received the five talents coming, brought other five talents, saying: Lord, thou didst deliver to me five talents, behold I have gained other five over and above.
Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
21 His lord said to him: Well done, good and faithful servant, because thou hast been faithful over a few things, I will place thee over many things: enter thou into the joy of thy lord.
“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
22 And he also that had received the two talents came and said: Lord, thou deliveredst two talents to me: behold I have gained other two.
“Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
23 His lord said to him: Well done, good and faithful servant: because thou hast been faithful over a few things, I will place thee over many things: enter thou into the joy of thy lord.
“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
24 But he that had received the one talent, came and said: Lord, I know that thou art a hard man; thou reapest where thou hast not sown, and gatherest where thou hast not strewed.
“Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen.
25 And being afraid I went and hid thy talent in the earth: behold here thou hast that which is thine.
Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26 And his lord answering, said to him: Wicked and slothful servant, thou knewest that I reap where I sow not, and gather where I have not strewed:
“Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen.
27 Thou oughtest therefore to have committed my money to the bankers, and at my coming I should have received my own with usury.
Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28 Take ye away therefore the talent from him, and give it to him that hath ten talents.
“Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo.
29 For to every one that hath shall be given, and he shall abound: but from him that hath not, that also which he seemeth to have shall be taken away.
Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
30 And the unprofitable servant cast ye out into the exterior darkness. There shall be weeping and gnashing of teeth.
Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
31 And when the Son of man shall come in his majesty, and all the angels with him, then shall he sit upon the seat of his majesty.
“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.
32 And all nations shall be gathered together before him, and he shall separate them one from another, as the shepherd separateth the sheep from the goats:
Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit.
33 And he shall set the sheep on his right hand, but the goats on his left.
Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34 Then shall the king say to them that shall be on his right hand: Come, ye blessed of my Father, possess you the kingdom prepared for you from the foundation of the world.
“Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.
35 For I was hungry, and you gave me to eat; I was thirsty, and you gave me to drink; I was a stranger, and you took me in:
Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre,
36 Naked, and you covered me: sick, and you visited me: I was in prison, and you came to me.
Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 Then shall the just answer him, saying: Lord, when did we see thee hungry, and fed thee; thirsty, and gave thee drink?
“Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè?
38 And when did we see thee a stranger, and took thee in? or naked, and covered thee?
Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad?
39 Or when did we see thee sick or in prison, and came to thee?
Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 And the king answering, shall say to them: Amen I say to you, as long as you did it to one of these my least brethren, you did it to me.
“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41 Then he shall say to them also that shall be on his left hand: Depart from me, you cursed, into everlasting fire which was prepared for the devil and his angels. (aiōnios g166)
“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. (aiōnios g166)
42 For I was hungry, and you gave me not to eat: I was thirsty, and you gave me not to drink.
Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè.
43 I was a stranger, and you took me not in: naked, and you covered me not: sick and in prison, and you did not visit me.
Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 Then they also shall answer him, saying: Lord, when did we see thee hungry, or thirsty, or a stranger, or naked, or sick, or in prison, and did not minister to thee?
“Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 Then he shall answer them, saying: Amen I say to you, as long as you did it not to one of these least, neither did you do it to me.
“Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’
46 And these shall go into everlasting punishment: but the just, into life everlasting. (aiōnios g166)
Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.” (aiōnios g166)

< Matthew 25 >