< Matthew 25 >

1 Then shall the kingdom of heaven be like to ten virgins, who taking their lamps went out to meet the bridegroom and the bride.
Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.
2 And five of them were foolish, and five wise.
Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann.
3 But the five foolish, having taken their lamps, did not take oil with them:
Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv.
4 But the wise took oil in their vessels with the lamps.
Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.
5 And the bridegroom tarrying, they all slumbered and slept.
Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
6 And at midnight there was a cry made: Behold the bridegroom cometh, go ye forth to meet him.
Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li.
7 Then all those virgins arose and trimmed their lamps.
Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo.
8 And the foolish said to the wise: Give us of your oil, for our lamps are gone out.
Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri.
9 The wise answered, saying: Lest perhaps there be not enough for us and for you, go ye rather to them that sell, and buy for yourselves.
Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo.
10 Now whilst they went to buy, the bridegroom came: and they that were ready, went in with him to the marriage, and the door was shut.
Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.
11 But at last come also the other virgins, saying: Lord, Lord, open to us.
Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou.
12 But he answering said: Amen I say to you, I know you not.
Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou.
13 Watch ye therefore, because you know not the day nor the hour.
Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
14 For even as a man going into a far country, called his servants, and delivered to them his goods;
Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.
15 And to one he gave five talents, and to another two, and to another one, to every one according to his proper ability: and immediately he took his journey.
Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati.
16 And he that had received the five talents, went his way, and traded with the same, and gained other five.
Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis.
17 And in like manner he that had received the two, gained other two.
Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.
18 But he that had received the one, going his way digged into the earth, and hid his lord’s money.
Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la.
19 But after a long time the lord of those servants came, and reckoned with them.
Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo.
20 And he that had received the five talents coming, brought other five talents, saying: Lord, thou didst deliver to me five talents, behold I have gained other five over and above.
Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè.
21 His lord said to him: Well done, good and faithful servant, because thou hast been faithful over a few things, I will place thee over many things: enter thou into the joy of thy lord.
Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
22 And he also that had received the two talents came and said: Lord, thou deliveredst two talents to me: behold I have gained other two.
Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè.
23 His lord said to him: Well done, good and faithful servant: because thou hast been faithful over a few things, I will place thee over many things: enter thou into the joy of thy lord.
Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou.
24 But he that had received the one talent, came and said: Lord, I know that thou art a hard man; thou reapest where thou hast not sown, and gatherest where thou hast not strewed.
Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante.
25 And being afraid I went and hid thy talent in the earth: behold here thou hast that which is thine.
Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou.
26 And his lord answering, said to him: Wicked and slothful servant, thou knewest that I reap where I sow not, and gather where I have not strewed:
Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante.
27 Thou oughtest therefore to have committed my money to the bankers, and at my coming I should have received my own with usury.
Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li.
28 Take ye away therefore the talent from him, and give it to him that hath ten talents.
Wete mil goud la nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil (10.000) goud la.
29 For to every one that hath shall be given, and he shall abound: but from him that hath not, that also which he seemeth to have shall be taken away.
Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; konsa la gen depase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.
30 And the unprofitable servant cast ye out into the exterior darkness. There shall be weeping and gnashing of teeth.
Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
31 And when the Son of man shall come in his majesty, and all the angels with him, then shall he sit upon the seat of his majesty.
Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.
32 And all nations shall be gathered together before him, and he shall separate them one from another, as the shepherd separateth the sheep from the goats:
Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.
33 And he shall set the sheep on his right hand, but the goats on his left.
La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.
34 Then shall the king say to them that shall be on his right hand: Come, ye blessed of my Father, possess you the kingdom prepared for you from the foundation of the world.
Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
35 For I was hungry, and you gave me to eat; I was thirsty, and you gave me to drink; I was a stranger, and you took me in:
Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.
36 Naked, and you covered me: sick, and you visited me: I was in prison, and you came to me.
Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.
37 Then shall the just answer him, saying: Lord, when did we see thee hungry, and fed thee; thirsty, and gave thee drink?
Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?
38 And when did we see thee a stranger, and took thee in? or naked, and covered thee?
Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad?
39 Or when did we see thee sick or in prison, and came to thee?
Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou?
40 And the king answering, shall say to them: Amen I say to you, as long as you did it to one of these my least brethren, you did it to me.
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
41 Then he shall say to them also that shall be on his left hand: Depart from me, you cursed, into everlasting fire which was prepared for the devil and his angels. (aiōnios g166)
Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. (aiōnios g166)
42 For I was hungry, and you gave me not to eat: I was thirsty, and you gave me not to drink.
Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè.
43 I was a stranger, and you took me not in: naked, and you covered me not: sick and in prison, and you did not visit me.
Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen.
44 Then they also shall answer him, saying: Lord, when did we see thee hungry, or thirsty, or a stranger, or naked, or sick, or in prison, and did not minister to thee?
Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans?
45 Then he shall answer them, saying: Amen I say to you, as long as you did it not to one of these least, neither did you do it to me.
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.
46 And these shall go into everlasting punishment: but the just, into life everlasting. (aiōnios g166)
Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an. (aiōnios g166)

< Matthew 25 >