< 2 Chronicles 35 >

1 And Josias kept a phase to the Lord in Jerusalem, and it was sacrificed on the fourteenth day of the first month.
Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la.
2 And he set the priests in their offices, and exhorted them to minister in the house of the Lord.
Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l' byen.
3 And he spoke to the Levites, by whose instruction all Israel was sanctified to the Lord, saying: Put the ark in the sanctuary of the temple, which Solomon the son of David king of Israel built: for you shall carry it no more: but minister now to the Lord your God, and to his people Israel.
Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.
4 And prepare yourselves by your houses, and families according to your courses, as David king of Israel commanded, and Solomon his son hath written.
Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsablite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l' la.
5 And serve ye in the sanctuary by the families and companies of Levi.
N'a rete kote yo mete apa nèt pou Seyè a. N'a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la.
6 And being sanctified kill the phase, and prepare your brethren, that they may do according to the words which the Lord spoke by the hand of Moses.
Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.
7 And Josias gave to all the people that were found there in the solemnity of the phase, of lambs and of kids of the flocks, and of other small cattle thirty thousand, and of oxen three thousand, all these were of the king’s substance.
Apre sa, Jozyas pran trantmil (30.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (3.000) bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan.
8 And his princes willingly offered what they had vowed, both to the people and to the priests and the Levites. Moreover Helcias, and Zacharias, and Jahiel rulers of the house of the Lord, gave to the priests to keep the phase two thousand six hundred small cattle, and three hundred oxen.
Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan (2.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (300) bèf pou yo touye pou fèt la.
9 And Chonenias, and Semeias and Nathanael, his brethren, and Hasabias, and Jehiel, and Jozabad princes of the Levites, gave to the rest of the Levites to celebrate the phase five thousand small cattle, and five hundred oxen.
Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (5.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan.
10 And the ministry was prepared, and the priests stood in their office: the Levites also in their companies, according to the king’s commandment.
Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la.
11 And the phase was immolated: and the priests sprinkled the blood with their hand, and the Levites flayed the holocausts:
Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo.
12 And they separated them to give them by the houses and families of every one, and to be offered to the Lord, as it is written in the book of Moses, and with the oxen they did in like manner.
Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Seyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou yo al ofri bay Seyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo.
13 And they roasted the phase with fire, according to that which is written in the law: but the victims of peace offerings they boiled in caldrons, and kettles, and pots, and they distributed them speedily among all the people.
Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l' la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chodyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la.
14 And afterwards they made ready for themselves, and for the priests: for the priests were busied in offering of holocausts and the fat until night: wherefore the Levites prepared for themselves, and for the priests the sons of Aaron last.
Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
15 And the singers the sons of Asaph stood in their order, according to the commandment of David, and Asaph, and Heman, and Idithun the prophets of the king: and the porters kept guard at every gate, so as not to depart one moment from their service: and therefore their brethren the Levites prepared meats for them.
Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.
16 So all the service of the Lord was duly accomplished that day, both in keeping the phase, and offering holocausts upon the altar of the Lord, according to the commandment of king Josias.
Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Seyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la.
17 And the children of Israel that were found there, kept the phase at that time, and the feast of unleavened bread seven days.
Pandan sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo.
18 There was no phase like to this in Israel, from the days of Samuel the prophet: neither did any of all the kings of Israel keep such a phase as Josias kept, with the priests, and the Levites, and all Juda, and Israel that were found, and the inhabitants of Jerusalem.
Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l' lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.
19 In the eighteenth year of the reign of Josias was this phase celebrated.
Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a.
20 After that Josias had repaired the temple, Nechao king of Egypt came up to fight in Charcamis by the Euphrates: and Josias went out to meet him.
Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas soti al kontre l' pou anpeche l' pase.
21 But he sent messengers to him, saying: What have I to do with thee, O king of Juda? I come not against thee this day, but I fight against another house, to which God hath commanded me to go in haste: forbear to do against God, who is with me, lest he kill thee.
Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M' pa vin pou m' goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m' pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m'. Konsa li p'ap detwi ou.
22 Josias would not return, but prepared to fight against him, and hearkened not to the words of Nechao from the mouth of God, I but went to fight in the field of Mageddo.
Men, Jozyas te soti pou goumen avè l'. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l', li al goumen avè l' nan plenn Megido a.
23 And there he was wounded by the archers, and he said to his servants: Carry me out of the battle, for I am grievously wounded.
Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale.
24 And they removed him from the chariot into another, that followed him after the manner of kings, and they carried him away to Jerusalem, and he died, and was buried in the monument of his fathers, and all Juda and Jerusalem mourned for him,
Moun li yo wete l' nan cha lagè li a, yo mete l' nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l' lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l' nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas.
25 Particularly Jeremias: whose lamentations for Josias all the singing men and singing women repeat unto this day, and it became like a law in Israel: Behold it is found written in the Lamentations.
Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.
26 Now the rest of the acts of Josias and of his mercies, according to what was commanded by the law of the Lord:
Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Seyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Seyè a,
27 And his works first and last, are written in the book of the kings of Juda and Israel.
wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.

< 2 Chronicles 35 >