< Joshua 2 >

1 And so Joshua, the son of Nun, sent two men from Shittim to explore in secret. And he said to them, “Go and consider the land and the city of Jericho.” And while traveling, they entered into the house of a harlot woman named Rahab, and they rested with her.
Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
2 And it was reported to the king of Jericho, and it was said: “Behold, men have entered to this place in the night, from the sons of Israel, so that they might explore the land.”
Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.
3 And the king of Jericho sent to Rahab, saying: “Bring out the men who came to you, and who entered into your house. For certainly they are spies, and they have arrived to consider the entire land.”
Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou.
4 And the woman, taking the men, hid them. And she said: “I admit that they came to me, but I did not know where they were from.
Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti.
5 And when the gate was closed, they went out together in the darkness. I do not know where they have gone. Pursue them quickly, and you will overtake them.”
Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo.
6 But she caused the men to ascend to the roof of her house, and she covered them with the stalks of flax that were there.
Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche.
7 But those who had been sent pursued after them along the way that leads to the ford of the Jordan. And as soon as they went out, the gate was closed.
Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.
8 Those who were hiding had not yet fallen asleep, and behold, the woman went up to them, and she said:
Anvan mesye yo gen tan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la.
9 “I know that the Lord has given this land to you. For the terror of you has fallen upon us, and all the inhabitants of the land have languished.
Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
10 We have heard that the Lord dried up the water of the Red Sea upon your arrival, when you were departing from Egypt, and we heard of the things that you did to the two kings of the Amorites, who were beyond the Jordan, Sihon and Og, whom you put to death.
Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.
11 And upon hearing these things, we were very afraid, and our heart languished. Neither did there remain in us any spirit at your arrival. For the Lord your God is the very God in heaven above and on earth below.
Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.
12 Now, therefore, swear to me by the Lord that in the same way that I have acted with mercy toward you, so also shall you act toward the house of my father. And may you give me a true sign
Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.
13 that you will save my father and mother, my brothers and sisters, and all that is theirs, and that you may rescue our souls from death.”
Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.
14 They responded to her: “May our lives be yours unto death, if only you do not betray us. And when the Lord will have delivered the land to us, we will act toward you with mercy and truth.”
Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.
15 Therefore, she sent them down from a window with a rope. For her house was joined to the wall.
Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò.
16 And she said to them: “Climb up to the mountains; otherwise, they may meet you as they are returning. And lay hidden there for three days, until they return. And then you will go on your way.”
Li di yo: -Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.
17 And they said to her: “We shall be innocent of this oath, to which you have sworn us,
Mesye yo di l': -N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la.
18 if, when we enter into the land, this scarlet cord has been placed as a sign, and you have tied it at the window by which you let us down. And so, gather your father, and mother, and brothers, and all your family into your house.
Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.
19 Whoever will have exited from the door of your house, his blood will be on his own head, and we will be uninvolved. But the blood of all who will be with you in the house shall fall back upon our own head, if anyone touches them.
Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.
20 But if you will have betrayed us, so that you spread this word in their midst, we will be free from this oath, to which you have sworn us.”
Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.
21 And she responded, “Just as you have spoken, so let it be done.” And sending them to travel on, she hung the scarlet cord at the window.
Fanm lan di yo: -Mwen dakò ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l' nan fennèt la.
22 And truly, walking on, they arrived at the mountains, and they stayed there for three days, until those who had been pursuing them returned. For having sought them along the entire way, they did not find them.
De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.
23 And when they returned and entered the city, the explorers descended from the mountain. And crossing the Jordan, they went to Joshua, the son of Nun, and they reported to him all that had happened to them.
Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann soti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y' al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l' tou sa ki te rive yo.
24 And they said, “The Lord has delivered this entire land into our hands, and all its inhabitants have been struck down by fear.”
Yo di l' konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.

< Joshua 2 >