< Deuteronomy 26 >
1 “And when you will have entered into the land which the Lord your God will give to you to possess, and when you will have obtained it and are living within it:
Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l',
2 you shall take the first of all your crops, and place them in a basket, and you shall travel to the place which the Lord your God will choose, so that his name may be invoked there.
chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an.
3 And you shall approach the priest who will be in those days, and you shall say to him: ‘I profess this day, before the Lord your God, that I have entered into the land about which he swore to our fathers that he would give it to us.’
Li aval jwenn prèt ki desèvis lè sa a, epi l'a di l': -Mwen deklare jòdi a, devan Seyè a, Bondye mwen an, mwen rekonèt mwen antre nan peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt nou yo.
4 And the priest, taking up the basket from your hand, shall place it before the altar of the Lord your God.
Prèt la va pran panyen an nan men li, l'a depoze l' devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an.
5 And you shall say, in the sight of the Lord your God: ‘The Syrian pursued my father, who descended into Egypt, and he sojourned there in a very small number, and he increased into a great and strong nation and into an innumerable multitude.
Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Seyè a, Bondye nou an, l'a fè deklarasyon sa a: -Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l'.
6 And the Egyptians afflicted us, and they persecuted us, imposing upon us the most grievous burdens.
Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav.
7 And we cried out to the Lord, the God of our fathers. He heard us, and he looked with favor upon our humiliation, and hardship, and distress.
Lè sa a, nou rele Seyè a, Bondye zansèt nou yo, pou l' vin ede nou. Li tande lapriyè nou. Li wè nan ki mizè nou te ye, li wè tout lapenn ki te nan kè nou, li wè jan yo t'ap peze nou.
8 And he led us away from Egypt, with a strong hand and an outstretched arm, with a mighty terror, with signs and wonders.
Seyè a fè nou soti kite peyi Lejip la ak gwo fòs ponyèt li, li te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, bagay ki te fè moun pè anpil.
9 And he led us into this place, and he delivered to us the land flowing with milk and honey.
Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.
10 And because of this, I now offer the first fruits of the land which the Lord has given to me.’ And you shall leave them in the sight of the Lord your God, and you shall adore the Lord your God.
Se sa ki fè koulye a, Seyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyè a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'.
11 And you shall feast on all the good things which the Lord your God will give to you and to your house: you, and the Levite, and the new arrival who is with you.
Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
12 When you will have completed the tithing of all your crops, in the third year of tithes, you shall give it to the Levite, and to the new arrival, and to the orphan, and to the widow, so that they may eat within your gates and be satisfied.
Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo.
13 And you shall say, in the sight of the Lord your God: ‘I have taken what was sanctified from my house, and I have given it to the Levite, and to the new arrival, and to the orphan and the widow, just as you have commanded me. I have not transgressed your commandments, nor have I forgotten your precepts.
Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'.
14 I have not eaten from these things in my grief, nor have I separated them due to any kind of uncleanness, nor have I expended any of these things in funerals. I have obeyed the voice of the Lord my God, and I have done all things just as you have instructed me.
Mwen pa t' manje ladan yo lè mwen te nan lapenn, ni lè mwen pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou ou. Ni mwen pa t' wete anyen ladan l' pou m' fè ofrann bay mò. Seyè, Bondye mwen, mwen te obeyi ou, mwen te fè tou sa ou te ban m' lòd fè sou keksyon sa a.
15 Look with favor from your sanctuary and from your lofty habitation amid the heavens, and bless your people Israel and the land which you have given to us, just as you swore to our fathers, a land flowing with milk and honey.’
Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
16 Today the Lord your God has instructed you to carry out these commandments and judgments, and to keep and fulfill them, with all your heart and with all your soul.
Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.
17 Today, you have chosen the Lord to be your God, so that you may walk in his ways, and keep his ceremonies and commandments and judgments, and obey his command.
Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou.
18 Today, the Lord has chosen you, so that you may be his particular people, just as he has spoken to you, and so that you may keep all his precepts,
Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè.
19 and so that he may cause you to be more exalted than all the nations which he has created, for the sake of his own praise and name and glory, in order that you may be a holy people for the Lord your God, just as he has spoken.”
L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.