< Psalms 70 >
1 For the choirmaster. Of David. To bring remembrance. Make haste, O God, to deliver me! Hurry, O LORD, to help me!
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!
2 May those who seek my life be ashamed and confounded; may those who wish me harm be repelled and humiliated.
Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
3 May those who say, “Aha, aha!” retreat because of their shame.
Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
4 May all who seek You rejoice and be glad in You; may those who love Your salvation always say, “Let God be magnified!”
Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!
5 But I am poor and needy; hurry to me, O God. You are my help and my deliverer; O LORD, do not delay.
Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!