< Psalms 136 >

1 Give thanks to the LORD, for He is good.
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 Give thanks to the God of gods.
Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3 Give thanks to the Lord of lords.
Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4 He alone does great wonders.
A (Sila) sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5 By His insight He made the heavens.
A (Sila) ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
6 He spread out the earth upon the waters.
a (Sila) ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
7 He made the great lights—
a (Sila) ki te fè gran limyè yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
8 the sun to rule the day,
solèy ki pou domine lajounen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9 the moon and stars to govern the night.
Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10 He struck down the firstborn of Egypt
A (Sila) ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11 and brought Israel out from among them
ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12 with a mighty hand and an outstretched arm.
Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13 He divided the Red Sea in two
a (Sila) ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14 and led Israel through the midst,
ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15 but swept Pharaoh and his army into the Red Sea.
men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16 He led His people through the wilderness.
a (Sila) ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17 He struck down great kings
a (Sila) ki te frape gran wa yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18 and slaughtered mighty kings—
ki te touye wa pwisan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19 Sihon king of the Amorites
Sihon, wa Amoreyen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20 and Og king of Bashan—
ak Og, wa Basan an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21 and He gave their land as an inheritance,
e te bay peyi yo kon eritaj, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22 a heritage to His servant Israel.
menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23 He remembered us in our low estate
ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24 and freed us from our enemies.
epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25 He gives food to every creature.
ki bay manje a tout chè, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26 Give thanks to the God of heaven!
Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

< Psalms 136 >