< Job 28 >

1 “Surely there is a mine for silver and a place where gold is refined.
Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.
2 Iron is taken from the earth, and copper is smelted from ore.
Fè retire nan pousyè a e kwiv la fonn soti nan wòch la.
3 Man puts an end to the darkness; he probes the farthest recesses for ore in deepest darkness.
Lòm fè tenèb la pati, e rive jis nan dènye limit lan. Li chache twouve wòch kap kache a, ak nan pwofon fènwa.
4 Far from human habitation he cuts a shaft in places forgotten by the foot of man. Far from men he dangles and sways.
Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete, kote ki bliye nèt pa pye moun. Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
5 Food may come from the earth, but from below it is transformed as by fire.
Pou tè a, depi nan li, manje sòti, men anba, li boulvèse tankou dife.
6 Its rocks are the source of sapphires, containing flecks of gold.
Wòch li se sous a pyè safi yo. Epi nan pousyè li, genyen lò.
7 No bird of prey knows that path; no falcon’s eye has seen it.
Chemen li pa rekonèt pa koukou, ni zye grigri pa janm wè l.
8 Proud beasts have never trodden it; no lion has ever prowled over it.
Bèt pi fewòs yo pa mache la, ni lyon pa pase sou li.
9 The miner strikes the flint; he overturns mountains at their base.
Li mete men li sou wòch silèks la. Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
10 He hews out channels in the rocks, and his eyes spot every treasure.
Li kreve kanal ki pase nan wòch yo, e zye li wè tout sa ki presye.
11 He stops up the sources of the streams to bring what is hidden to light.
Li bouche flèv yo pou dlo pa koule e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
12 But where can wisdom be found, and where does understanding dwell?
“Men se kibò yo twouve sajès? Epi kibò yo jwenn sajès la?
13 No man can know its value, nor is it found in the land of the living.
Lòm pa konnen valè li, ni valè li pa kab twouve nan peyi moun vivan yo.
14 The ocean depths say, ‘It is not in me,’ while the sea declares, ‘It is not with me.’
Labim nan di: “Li pa nan mwen”. Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15 It cannot be bought with gold, nor can its price be weighed out in silver.
Lò pi pa egal ak valè l, ni ajan pa kab peze kon pri li.
16 It cannot be valued in the gold of Ophir, in precious onyx or sapphire.
Valè li pa kab konpare ak lò Ophir, oswa oniks presye, oswa safì.
17 Neither gold nor crystal can compare to it, nor jewels of fine gold be exchanged for it.
Ni lò ni vit pa egal avè l, ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
18 Coral and quartz are unworthy of mention; the price of wisdom is beyond rubies.
Koray ak kristal, bliye sa nèt. Posede sajès se pi wo ke pèl.
19 Topaz from Cush cannot compare to it, nor can it be valued in pure gold.
Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l; ni li pa kab valorize an lò pi.
20 From where then does wisdom come, and where does understanding dwell?
E byen, se kibò sajès la sòti? Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
21 It is hidden from the eyes of every living thing and concealed from the birds of the air.
Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo e kache menm a zwazo syèl yo.
22 Abaddon and Death say, ‘We have heard a rumor about it.’
Labim nan ak lanmò a pale: ‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
23 But God understands its way, and He knows its place.
Bondye konprann chemen li e Li konnen plas li.
24 For He looks to the ends of the earth and sees everything under the heavens.
“Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè e wè tout bagay anba syèl yo.
25 When God fixed the weight of the wind and measured out the waters,
Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,
26 when He set a limit for the rain and a path for the thunderbolt,
Lè L te etabli yon limit pou lapli e yon chemen pou kout eklè,
27 then He looked at wisdom and appraised it; He established it and searched it out.
Li te wè l e Li te deklare li. Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
28 And He said to man, ‘Behold, the fear of the Lord, that is wisdom, and to turn away from evil is understanding.’”
Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”

< Job 28 >