< 2 Chronicles 29 >

1 Hezekiah was twenty-five years old when he became king, and he reigned in Jerusalem twenty-nine years. His mother’s name was Abijah, the daughter of Zechariah.
Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.
2 And he did what was right in the eyes of the LORD, just as his father David had done.
Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.
3 In the first month of the first year of his reign, Hezekiah opened and repaired the doors of the house of the LORD.
Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo.
4 Then he brought in the priests and Levites and gathered them in the square on the east side.
Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la.
5 “Listen to me, O Levites,” he said. “Consecrate yourselves now and consecrate the house of the LORD, the God of your fathers. Remove from the Holy Place every impurity.
Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.
6 For our fathers were unfaithful and did evil in the sight of the LORD our God. They abandoned Him, turned their faces away from the dwelling place of the LORD, and turned their backs on Him.
Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.
7 They also shut the doors of the portico and extinguished the lamps. They did not burn incense or present burnt offerings in the Holy Place of the God of Israel.
Anplis, yo te fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la.
8 Therefore, the wrath of the LORD has fallen upon Judah and Jerusalem, and He has made them an object of terror, horror, and mockery, as you can see with your own eyes.
Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.
9 For behold, this is why our fathers have fallen by the sword, and our sons and daughters and wives are in captivity.
Paske gade byen, pou sa, papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa.
10 Now it is in my heart to make a covenant with the LORD, the God of Israel, so that His fierce anger will turn away from us.
Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.
11 Now, my sons, do not be negligent, for the LORD has chosen you to stand before Him, to serve Him, to minister before Him, and to burn incense.”
Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
12 Then the Levites set to work: Mahath son of Amasai and Joel son of Azariah from the Kohathites; Kish son of Abdi and Azariah son of Jehallelel from the Merarites; Joah son of Zimmah and Eden son of Joah from the Gershonites;
Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;
13 Shimri and Jeuel from the Elizaphanites; Zechariah and Mattaniah from the Asaphites;
epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania;
14 Jehiel and Shimei from the Hemanites; and Shemaiah and Uzziel from the Jeduthunites.
epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.
15 When they had assembled their brothers and consecrated themselves, they went in to cleanse the house of the LORD, according to the command of the king by the words of the LORD.
Yo te rasanble frè yo, yo te konsakre yo menm, e te antre pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a.
16 So the priests went inside the house of the LORD to cleanse it, and they brought out to the courtyard all the unclean things that they found in the temple of the LORD. Then the Levites took these things and carried them out to the Kidron Valley.
Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an.
17 They began the consecration on the first day of the first month, and on the eighth day of the month they reached the portico of the LORD. For eight more days they consecrated the house of the LORD itself, finishing on the sixteenth day of the first month.
Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.
18 Then they went in to King Hezekiah and reported, “We have cleansed the entire house of the LORD, the altar of burnt offering with all its utensils, and the table of the showbread with all its utensils.
Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.
19 Moreover, we have prepared and consecrated all the articles that King Ahaz in his unfaithfulness cast aside during his reign. They are now in front of the altar of the LORD.”
Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”
20 Early the next morning King Hezekiah gathered the city officials and went up to the house of the LORD.
Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.
21 They brought seven bulls, seven rams, seven lambs, and seven male goats as a sin offering for the kingdom, for the sanctuary, and for Judah. And the king commanded the priests, the descendants of Aaron, to offer them on the altar of the LORD.
Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.
22 So they slaughtered the bulls, and the priests took the blood and sprinkled it on the altar. They slaughtered the rams and sprinkled the blood on the altar. And they slaughtered the lambs and sprinkled the blood on the altar.
Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te aspèje san an sou lotèl la.
23 Then they brought the goats for the sin offering before the king and the assembly, who laid their hands on them.
Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e yo te poze men sou yo.
24 And the priests slaughtered the goats and put their blood on the altar for a sin offering, to make atonement for all Israel, because the king had ordered the burnt offering and the sin offering for all Israel.
Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.
25 Hezekiah stationed the Levites in the house of the LORD with cymbals, harps, and lyres according to the command of David, of Gad the king’s seer, and of Nathan the prophet. For the command had come from the LORD through His prophets.
Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.
26 The Levites stood with the instruments of David, and the priests with the trumpets.
Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo.
27 And Hezekiah ordered that the burnt offering be sacrificed on the altar. When the burnt offering began, the song of the LORD and the trumpets began as well, accompanied by the instruments of David king of Israel.
Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la.
28 The whole assembly was worshiping, the singers were singing, and the trumpeters were playing. All this continued until the burnt offering was completed.
Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.
29 When the offerings were completed, the king and all those present with him bowed down and worshiped.
Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.
30 Then King Hezekiah and his officials ordered the Levites to sing praises to the LORD in the words of David and of Asaph the seer. So they sang praises with gladness and bowed their heads and worshiped.
Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
31 Then Hezekiah said, “Now that you have consecrated yourselves to the LORD, come near and bring sacrifices and thank offerings to the house of the LORD.” So the assembly brought sacrifices and thank offerings, and all whose hearts were willing brought burnt offerings.
Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.
32 The number of burnt offerings the assembly brought was seventy bulls, a hundred rams, and two hundred lambs; all these were for a burnt offering to the LORD.
Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.
33 And the consecrated offerings were six hundred bulls and three thousand sheep.
Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.
34 However, since there were not enough priests to skin all the burnt offerings, their Levite brothers helped them until the work was finished and until the priests had been consecrated. For the Levites had been more diligent in consecrating themselves than the priests had been.
Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.
35 Furthermore, the burnt offerings were abundant, along with the fat of the peace offerings and the drink offerings for the burnt offerings. So the service of the house of the LORD was established.
Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.
36 Then Hezekiah and all the people rejoiced at what God had prepared for the people, because everything had been accomplished so quickly.
Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.

< 2 Chronicles 29 >