< 2 Chronicles 15 >

1 Now the Spirit of God came upon Azariah son of Oded.
Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la.
2 So he went out to meet Asa and said to him, “Listen to me, Asa and all Judah and Benjamin. The LORD is with you when you are with Him. If you seek Him, He will be found by you, but if you forsake Him, He will forsake you.
Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.
3 For many years Israel has been without the true God, without a priest to instruct them, and without the law.
Pandan anpil jou, Israël te kon san vrè Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa.
4 But in their distress they turned to the LORD, the God of Israel, and sought Him, and He was found by them.
Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li.
5 In those days there was no safety for travelers, because the residents of the lands had many conflicts.
Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo.
6 Nation was crushed by nation, and city by city, for God afflicted them with all kinds of adversity.
Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.
7 But as for you, be strong; do not be discouraged, for your work will be rewarded.”
Men nou menm, kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.”
8 When Asa heard these words and the prophecy of Azariah son of Oded the prophet, he took courage and removed the detestable idols from the whole land of Judah and Benjamin and from the cities he had captured in the hill country of Ephraim. He then restored the altar of the LORD that was in front of the portico of the LORD’s temple.
Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a.
9 And he assembled all Judah and Benjamin, along with those from the tribes of Ephraim, Manasseh, and Simeon who had settled among them, for great numbers had come over to him from Israel when they saw that the LORD his God was with him.
Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li.
10 So they gathered together in Jerusalem in the third month of the fifteenth year of Asa’s reign.
Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a.
11 At that time they sacrificed to the LORD seven hundred oxen and seven thousand sheep from all the plunder they had brought back.
Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a.
12 Then they entered into a covenant to seek the LORD, the God of their fathers, with all their heart and soul.
Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo;
13 And whoever would not seek the LORD, the God of Israel, would be put to death, whether young or old, man or woman.
epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm.
14 They took an oath to the LORD with a loud voice, with shouting, trumpets, and rams’ horns.
Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a.
15 And all Judah rejoiced over the oath, for they had sworn it with all their heart. They had sought Him earnestly, and He was found by them. So the LORD gave them rest on every side.
Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
16 King Asa also removed his grandmother Maacah from her position as queen mother because she had made a detestable Asherah pole. Asa chopped down the pole, crushed it, and burned it in the Kidron Valley.
Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an.
17 The high places were not removed from Israel, but Asa’s heart was fully devoted all his days.
Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.
18 And he brought into the house of God the silver and gold articles that he and his father had dedicated.
Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti.
19 And there was no war until the thirty-fifth year of Asa’s reign.
Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.

< 2 Chronicles 15 >