< 1 Timothy 5 >
1 Do not rebuke an older man, but appeal to him as to a father. Treat younger men as brothers,
Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo,
2 older women as mothers, and younger women as sisters, with absolute purity.
a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.
3 Honor the widows who are truly widows.
Onore vèv ki vrèman vèv yo;
4 But if a widow has children or grandchildren, they must first learn to show godliness to their own family and repay their parents, for this is pleasing in the sight of God.
men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
5 The widow who is truly in need and left all alone puts her hope in God and continues night and day in her petitions and prayers.
Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.
6 But she who lives for pleasure is dead even while she is still alive.
Men sila ki viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la.
7 Give these instructions to the believers, so that they will be above reproach.
Preskri bagay sa yo tou pou yo kapab vin san repwòch.
8 If anyone does not provide for his own, and especially his own household, he has denied the faith and is worse than an unbeliever.
Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
9 A widow should be enrolled if she is at least sixty years old, the wife of one man,
Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun,
10 and well known for good deeds such as bringing up children, entertaining strangers, washing the feet of the saints, imparting relief to the afflicted, and devoting herself to every good work.
avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
11 But refuse to enroll younger widows. For when their passions draw them away from Christ, they will want to marry,
Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.
12 and thus will incur judgment because they are setting aside their first faith.
Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a.
13 At the same time they will also learn to be idle, going from house to house and being not only idle, but also gossips and busybodies, discussing things they should not mention.
An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
14 So I advise the younger widows to marry, have children, and manage their households, denying the adversary occasion for slander.
Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.
15 For some have already turned aside to follow Satan.
Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
16 If any believing woman has dependent widows, she must assist them and not allow the church to be burdened, so that it can help the widows who are truly in need.
Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
17 Elders who lead effectively are worthy of double honor, especially those who work hard at preaching and teaching.
Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.
18 For the Scripture says, “Do not muzzle an ox while it is treading out the grain,” and, “The worker is worthy of his wages.”
Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
19 Do not entertain an accusation against an elder, except on the testimony of two or three witnesses.
Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.
20 But those who persist in sin should be rebuked in front of everyone, so that the others will stand in fear of sin.
Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche.
21 I solemnly charge you before God and Christ Jesus and the elect angels to maintain these principles without bias, and to do nothing out of partiality.
Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.
22 Do not be too quick in the laying on of hands and thereby share in the sins of others. Keep yourself pure.
Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.
23 Stop drinking only water and use a little wine instead, because of your stomach and your frequent ailments.
Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
24 The sins of some men are obvious, going ahead of them to judgment; but the sins of others do not surface until later.
Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo.
25 In the same way, good deeds are obvious, and even the ones that are inconspicuous cannot remain hidden.
Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.