< Psalms 13 >

1 For the Chief Musician. A Psalm by David. How long, LORD? Will you forget me forever? How long will you hide your face from me?
Pou direktè koral la; yon sòm David Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
2 How long shall I take counsel in my soul, having sorrow in my heart every day? How long shall my enemy triumph over me?
Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
3 Behold, and answer me, LORD, my God. Give light to my eyes, lest I sleep in death;
Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; Fè zye m wè, pou m pa mouri;
4 lest my enemy say, “I have prevailed against him;” lest my adversaries rejoice when I fall.
pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
5 But I trust in your loving kindness. My heart rejoices in your salvation.
Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou
6 I will sing to the LORD, because he has been good to me.
Mwen va chante a SENYÈ a, paske Li te aji ak bon kè avè m.

< Psalms 13 >