< Isaiah 1 >

1 The vision of Isaiah the son of Amoz, which he saw concerning Judah and Jerusalem, in the days of Uzziah, Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah.
Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.
2 Hear, heavens, and listen, earth; for the LORD has spoken: “I have nourished and brought up children and they have rebelled against me.
Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.
3 The ox knows his owner, and the donkey his master’s crib; but Israel does not know. My people do not consider.”
Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
4 Ah sinful nation, a people loaded with iniquity, offspring of evildoers, children who deal corruptly! They have forsaken the LORD. They have despised the Holy One of Israel. They are estranged and backward.
Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!
5 Why should you be beaten more, that you revolt more and more? The whole head is sick, and the whole heart faint.
Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.
6 From the sole of the foot even to the head there is no soundness in it, but wounds, welts, and open sores. They have not been closed, bandaged, or soothed with oil.
Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.
7 Your country is desolate. Your cities are burned with fire. Strangers devour your land in your presence and it is desolate, as overthrown by strangers.
Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
8 The daughter of Zion is left like a shelter in a vineyard, like a hut in a field of melons, like a besieged city.
Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl nan yon chan rezen, tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, tankou yon vil ki anba syèj.
9 Unless the LORD of Armies had left to us a very small remnant, we would have been as Sodom. We would have been like Gomorrah.
Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.
10 Hear the LORD’s word, you rulers of Sodom! Listen to the law of our God, you people of Gomorrah!
Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo; bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a, nou menm pèp Gomorrhe.
11 “What are the multitude of your sacrifices to me?”, says the LORD. “I have had enough of the burnt offerings of rams and the fat of fed animals. I do not delight in the blood of bulls, or of lambs, or of male goats.
“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit.
12 When you come to appear before me, who has required this at your hand, to trample my courts?
Lè nou vin parèt devan M, kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?
13 Bring no more vain offerings. Incense is an abomination to me. New moons, Sabbaths, and convocations— I cannot stand evil assemblies.
Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
14 My soul hates your New Moons and your appointed feasts. They are a burden to me. I am weary of bearing them.
Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo. Yo vin yon gwo fado pou mwen. Mwen fatige sipòte yo.
15 When you spread out your hands, I will hide my eyes from you. Yes, when you make many prayers, I will not hear. Your hands are full of blood.
Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.
16 Wash yourselves. Make yourself clean. Put away the evil of your doings from before my eyes. Cease to do evil.
Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
17 Learn to do well. Seek justice. Relieve the oppressed. Defend the fatherless. Plead for the widow.”
Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.
18 “Come now, and let’s reason together,” says the LORD: “Though your sins are as scarlet, they shall be as white as snow. Though they are red like crimson, they shall be as wool.
“Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
19 If you are willing and obedient, you will eat the good of the land;
Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
20 but if you refuse and rebel, you will be devoured with the sword; for the LORD’s mouth has spoken it.”
men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
21 How the faithful city has become a prostitute! She was full of justice. Righteousness lodged in her, but now there are murderers.
Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.
22 Your silver has become dross, your wine mixed with water.
Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim e bwason ou vin mele ak dlo.
23 Your princes are rebellious and companions of thieves. Everyone loves bribes and follows after rewards. They do not defend the fatherless, neither does the cause of the widow come to them.
Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak volè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benifis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo.
24 Therefore the Lord, GOD of Armies, the Mighty One of Israel, says: “Ah, I will get relief from my adversaries, and avenge myself on my enemies.
Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo, Toupwisan Israël la, deklare: “Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo; M ap pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.
25 I will turn my hand on you, thoroughly purge away your dross, and will take away all your tin.
Mwen va vire men m kont nou e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, pou l pa gen metal ki rete.
26 I will restore your judges as at the first, and your counselors as at the beginning. Afterward you shall be called ‘The city of righteousness, a faithful town.’
Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.
27 Zion shall be redeemed with justice, and her converts with righteousness.
Sion va rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.
28 But the destruction of transgressors and sinners shall be together, and those who forsake the LORD shall be consumed.
Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.
29 For they shall be ashamed of the oaks which you have desired, and you shall be confounded for the gardens that you have chosen.
Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo, e nou va wont pou jaden ke nou te pito yo.
30 For you shall be as an oak whose leaf fades, and as a garden that has no water.
Paske nou va tankou yon bwadchenn ak fèy ki fennen, oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm.
31 The strong will be like tinder, and his work like a spark. They will both burn together, and no one will quench them.”
Sila ki pwisan an va devni retay pishpèn. Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife. Konsa, y ap brile ansanm e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”

< Isaiah 1 >