< Ezra 6 >

1 Then Darius the king made a decree, and the house of the archives, where the treasures were laid up in Babylon, was searched.
Wa Darius te pibliye yon dekrè e yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan.
2 A scroll was found at Achmetha, in the palace that is in the province of Media, and in it this was written for a record:
Nan Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:
3 In the first year of Cyrus the king, Cyrus the king made a decree: Concerning God’s house at Jerusalem, let the house be built, the place where they offer sacrifices, and let its foundations be strongly laid, with its height sixty cubits and its width sixty cubits;
Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a
4 with three courses of great stones and a course of new timber. Let the expenses be given out of the king’s house.
avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a.
5 Also let the gold and silver vessels of God’s house, which Nebuchadnezzar took out of the temple which is at Jerusalem and brought to Babylon, be restored and brought again to the temple which is at Jerusalem, everything to its place. You shall put them in God’s house.
Anplis, kite zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a.
6 Now therefore, Tattenai, governor beyond the River, Shetharbozenai, and your companions the Apharsachites, who are beyond the River, you must stay far from there.
Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.
7 Leave the work of this house of God alone; let the governor of the Jews and the elders of the Jews build this house of God in its place.
Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an.
8 Moreover I make a decree regarding what you shall do for these elders of the Jews for the building of this house of God: that of the king’s goods, even of the tribute beyond the River, expenses must be given with all diligence to these men, that they not be hindered.
Anplis, Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta.
9 That which they have need of, including young bulls, rams, and lambs, for burnt offerings to the God of heaven; also wheat, salt, wine, and oil, according to the word of the priests who are at Jerusalem, let it be given them day by day without fail,
Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke,
10 that they may offer sacrifices of pleasant aroma to the God of heaven, and pray for the life of the king and of his sons.
pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo.
11 I have also made a decree that whoever alters this message, let a beam be pulled out from his house, and let him be lifted up and fastened on it; and let his house be made a dunghill for this.
Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra.
12 May the God who has caused his name to dwell there overthrow all kings and peoples who stretch out their hand to alter this, to destroy this house of God which is at Jerusalem. I Darius have made a decree. Let it be done with all diligence.
Ke Bondye ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans!
13 Then Tattenai, the governor beyond the River, Shetharbozenai, and their companions did accordingly with all diligence, because Darius the king had sent a decree.
Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
14 The elders of the Jews built and prospered, through the prophesying of Haggai the prophet and Zechariah the son of Iddo. They built and finished it, according to the commandment of the God of Israel, and according to the decree of Cyrus, Darius, and Artaxerxes king of Persia.
Epi ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la.
15 This house was finished on the third day of the month Adar, which was in the sixth year of the reign of Darius the king.
Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar a. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.
16 The children of Israel, the priests, the Levites, and the rest of the children of the captivity, kept the dedication of this house of God with joy.
Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa.
17 They offered at the dedication of this house of God one hundred bulls, two hundred rams, four hundred lambs; and for a sin offering for all Israel, twelve male goats, according to the number of the tribes of Israel.
Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo.
18 They set the priests in their divisions and the Levites in their courses, for the service of God which is at Jerusalem, as it is written in the book of Moses.
Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.
19 The children of the captivity kept the Passover on the fourteenth day of the first month.
Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a.
20 Because the priests and the Levites had purified themselves together, all of them were pure. They killed the Passover for all the children of the captivity, for their brothers the priests, and for themselves.
Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm.
21 The children of Israel who had returned out of the captivity, and all who had separated themselves to them from the filthiness of the nations of the land to seek the LORD, the God of Israel, ate,
Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lempite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la.
22 and kept the feast of unleavened bread seven days with joy; because the LORD had made them joyful, and had turned the heart of the king of Assyria to them, to strengthen their hands in the work of God, the God of Israel’s house.
Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.

< Ezra 6 >