< 2 Kings 20 >

1 In those days Hezekiah was sick and dying. Isaiah the prophet the son of Amoz came to him, and said to him, “The LORD says, ‘Set your house in order; for you will die, and not live.’”
Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
2 Then he turned his face to the wall, and prayed to the LORD, saying,
Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyè Seyè a.
3 “Remember now, LORD, I beg you, how I have walked before you in truth and with a perfect heart, and have done that which is good in your sight.” And Hezekiah wept bitterly.
Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
4 Before Isaiah had gone out into the middle part of the city, the LORD’s word came to him, saying,
Lè Ezayi kite wa a, li pa t' ankò soti nan lakou ki nan mitan palè a lè Seyè a pale avè l', li di l' konsa:
5 “Turn back, and tell Hezekiah the prince of my people, ‘The LORD, the God of David your father, says, “I have heard your prayer. I have seen your tears. Behold, I will heal you. On the third day, you will go up to the LORD’s house.
—Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.
6 I will add to your days fifteen years. I will deliver you and this city out of the hand of the king of Assyria. I will defend this city for my own sake, and for my servant David’s sake.”’”
M'ap kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m' lan, ak poutèt mwen.
7 Isaiah said, “Take a cake of figs.” They took and laid it on the boil, and he recovered.
Ezayi mande pou fè yon kataplas ak fig frans mete sou malenng wa a. Yo fè sa vre. Epi wa a geri.
8 Hezekiah said to Isaiah, “What will be the sign that the LORD will heal me, and that I will go up to the LORD’s house the third day?”
Lè sa a, wa a mande Ezayi: —Kisa ki pral fè m' konnen Seyè a pral geri m' pou nan twa jou m' ka al nan Tanp Seyè a?
9 Isaiah said, “This will be the sign to you from the LORD, that the LORD will do the thing that he has spoken: should the shadow go forward ten steps, or go back ten steps?”
Ezayi reponn li: —Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak?
10 Hezekiah answered, “It is a light thing for the shadow to go forward ten steps. No, but let the shadow return backward ten steps.”
Ezekyas di l': —Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak.
11 Isaiah the prophet cried to the LORD; and he brought the shadow ten steps backward, by which it had gone down on the sundial of Ahaz.
Pwofèt Izayi lapriyè Seyè a epi Seyè a fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solèy wa Akaz te fè a.
12 At that time Berodach Baladan the son of Baladan, king of Babylon, sent letters and a present to Hezekiah, for he had heard that Hezekiah had been sick.
Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.
13 Hezekiah listened to them, and showed them all the storehouse of his precious things—the silver, the gold, the spices, and the precious oil, and the house of his armor, and all that was found in his treasures. There was nothing in his house, or in all his dominion, that Hezekiah did not show them.
Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
14 Then Isaiah the prophet came to King Hezekiah, and said to him, “What did these men say? From where did they come to you?” Hezekiah said, “They have come from a far country, even from Babylon.”
Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': —Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: —Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
15 He said, “What have they seen in your house?” Hezekiah answered, “They have seen all that is in my house. There is nothing among my treasures that I have not shown them.”
Ezayi di l' konsa: —Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: —Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
16 Isaiah said to Hezekiah, “Hear the LORD’s word.
Ezayi di wa Ezekyas konsa: —Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou:
17 ‘Behold, the days come that all that is in your house, and that which your fathers have laid up in store to this day, will be carried to Babylon. Nothing will be left,’ says the LORD.
Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
18 ‘They will take away some of your sons who will issue from you, whom you will father; and they will be eunuchs in the palace of the king of Babylon.’”
Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
19 Then Hezekiah said to Isaiah, “The LORD’s word which you have spoken is good.” He said moreover, “Is not it so, if peace and truth will be in my days?”
Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: —Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
20 Now the rest of the acts of Hezekiah, and all his might, and how he made the pool, and the conduit, and brought water into the city, are not they written in the book of the chronicles of the kings of Judah?
Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
21 Hezekiah slept with his fathers, and Manasseh his son reigned in his place.
Lè Ezekyas mouri, se Manase, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.

< 2 Kings 20 >