< 1 Chronicles 19 >

1 After this, Nahash the king of the children of Ammon died, and his son reigned in his place.
Alò, li te vin rive apre sa, ke Nachasch, wa a fis a Ammon yo te mouri e fis li a te devni wa nan plas li.
2 David said, “I will show kindness to Hanun the son of Nahash, because his father showed kindness to me.” So David sent messengers to comfort him concerning his father. David’s servants came into the land of the children of Ammon to Hanun to comfort him.
Epi David te di: “Mwen va montre favè a Hanun, fis a Nachasch la, akoz papa li te montre m favè.” Pou sa, David te voye mesaje pou konsole li selon lanmò papa li. Sèvitè David yo te antre nan peye fis a Ammon yo pou konsole Hanun.
3 But the princes of the children of Ammon said to Hanun, “Do you think that David honors your father, in that he has sent comforters to you? Have not his servants come to you to search, to overthrow, and to spy out the land?”
Men chèf a fis a Ammon yo te di a Hanun: “Èske ou kwè ke David ap bay papa ou onè akoz li voye moun rekonfòte yo? Èske sèvitè li yo pa vin kote ou pou chèche fè espyonaj pou boulvèse peyi a?”
4 So Hanun took David’s servants, shaved them, and cut off their garments in the middle at their buttocks, and sent them away.
Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale.
5 Then some people went and told David how the men were treated. He sent to meet them; for the men were greatly humiliated. The king said, “Stay at Jericho until your beards have grown, and then return.”
Alò, kèk moun te ale pale David konsènan afè mesye yo. Epi li te voye rankontre yo, paske mesye sa yo te byen wont. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin grandi ankò e retounen.”
6 When the children of Ammon saw that they had made themselves odious to David, Hanun and the children of Ammon sent one thousand talents of silver to hire chariots and horsemen out of Mesopotamia, out of Aram-maacah, and out of Zobah.
Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.
7 So they hired for themselves thirty-two thousand chariots, and the king of Maacah with his people, who came and encamped near Medeba. The children of Ammon gathered themselves together from their cities, and came to battle.
Konsa, yo te achte sèvis a trann-de-mil cha e wa Maaca a avèk pèp li a, ki te vin fè kan devan Médeba a. Fis a Ammon yo te rasanble soti nan vil pa yo pou te vin batay.
8 When David heard of it, he sent Joab with all the army of the mighty men.
Lè David tande sa, li te voye Joab avèk tout lame, mesye pwisan yo.
9 The children of Ammon came out, and put the battle in array at the gate of the city; and the kings who had come were by themselves in the field.
Fis a Ammon yo te vin parèt, te rale yo nan chan batay la nan antre vil la e wa ki te vini yo te la apa pou kont yo nan chan an.
10 Now when Joab saw that the battle was set against him before and behind, he chose some of all the choice men of Israel, and put them in array against the Syrians.
Alò, lè Joab te wè ke batay la te prepare kont li ni devan, ni dèyè; li te chwazi soti nan mesye pi chwazi pami tout Israël yo e yo te alinye yo kont Siryen yo.
11 The rest of the people he committed into the hand of Abishai his brother; and they put themselves in array against the children of Ammon.
Men retay a pèp la, li te plase nan men Abischaï, frè li a; epi yo te alinye yo kont fis Ammon yo.
12 He said, “If the Syrians are too strong for me, then you are to help me; but if the children of Ammon are too strong for you, then I will help you.
Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò ou va ede m; men si fis a Ammon twò fò pou ou; alò, mwen va ede ou.
13 Be courageous, and let’s be strong for our people and for the cities of our God. May the LORD do that which seems good to him.”
Kenbe fèm e annou montre kouraj nou pou koz pèp nou ak pou vil Bondye pa nou yo. Epi ke SENYÈ a va fè sa ki bon nan zye li.”
14 So Joab and the people who were with him came near to the front of the Syrians to the battle; and they fled before him.
Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te ale toupre batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan li.
15 When the children of Ammon saw that the Syrians had fled, they likewise fled before Abishai his brother, and entered into the city. Then Joab came to Jerusalem.
Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo te sove ale osi devan Abischaï, frè li a e te antre lavil la. Epi Joab te vini Jérusalem.
16 When the Syrians saw that they were defeated by Israel, they sent messengers and called out the Syrians who were beyond the River, with Shophach the captain of the army of Hadadezer leading them.
Lè Siryen yo te wè ke yo te bat pa Israël, yo te voye mesaje pou te mennen fè sòti Siryen ki te lòtbò Rivyè a, avèk Schophach, chèf lame Hadarézer ki t ap dirije yo a.
17 David was told that, so he gathered all Israel together, passed over the Jordan, came to them, and set the battle in array against them. So when David had put the battle in array against the Syrians, they fought with him.
Lè bagay sa a te pale a David, li te ranmase tout Israël ansanm, te travèse Jourdain an, te vin parèt sou yo e te rale nan fòmasyon batay kont yo a. Epi lè David te rale nan fòmasyon batay la kont Siryen yo, yo te goumen kont li.
18 The Syrians fled before Israel; and David killed of the Syrian men seven thousand charioteers and forty thousand footmen, and also killed Shophach the captain of the army.
Siryen yo te sove ale devan Israël e David te touye nan Siryen yo, sèt-mil mèt cha avèk karant-mil sòlda a pye e te mete a lanmò Schophach, chèf lame a.
19 When the servants of Hadadezer saw that they were defeated by Israel, they made peace with David and served him. The Syrians would not help the children of Ammon any more.
Konsa, lè sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te fè lapè avèk David e te sèvi li. Konsa, Siryen yo pa t janm dakò ankò pou ede fis a Ammon yo.

< 1 Chronicles 19 >