< Romans 10 >

1 Brothers, truly my heart's desire and my supplication to God for Israel is for salvation.
Frè m' yo, jan m' ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!
2 For I testify to them that they have a zeal of God, but not according to knowledge.
Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.
3 For not understanding the righteousness of God, and seeking to establish their own righteousness, they did not submit to the righteousness of God.
Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la.
4 For Christ is the end of law for righteousness, to every man who believes.
Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
5 For Moses writes in the righteousness from the law, that the man that does them will live in them.
Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l' ladan li.
6 But the righteousness from faith says thus: Thou should not say in thy heart, Who will ascend into heaven? (that is, to bring Christ down)
Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann soti ladan li.)
7 or, Who will descend into the abyss? (that is, to bring Christ up from the dead). (Abyssos g12)
Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve soti vivan pami mò yo.) (Abyssos g12)
8 But what does it say? The word is near thee, in thy mouth and in thy heart, that is, the word of faith that we preach:
Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n'ap anonse a.
9 that if thou will confess with thy mouth, the Lord Jesus, and will believe in thy heart that God raised him from the dead, thou will be saved.
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
10 For a man believes in the heart for righteousness, and he confesses with the mouth for salvation.
Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,
11 For the scripture says, Every man who believes in him will not be shamed.
dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
12 For there is no distinction of a Jew and also of a Greek, for the same Lord is of all men, being rich toward all those who call upon him.
Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
13 For every man, whoever may call upon the name of the Lord will be saved.
Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
14 How then will they call on whom they have not believed? And how will they believe of whom they have not heard? And how will they hear without preaching?
Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
15 And how will they preach unless they are sent? Just as it is written, How beautiful are the feet of those who proclaim good news of peace, of those who proclaim good news of good things.
si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!
16 But not all were obedient to the good news, for Isaiah says, Lord, who has believed our report?
Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la?
17 So faith is from hearing, and hearing by the word of God.
Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
18 But I say, did they, no, not hear? Rather, Their voice went forth into all the earth, and their sayings to the limits of the inhabited world.
Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.
19 But I say, did Israel, no, not know? First Moses says, I will provoke you to jealousy toward a non-nation. Toward a foolish nation, I will make you angry.
Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pa t' konprann sa? Pou kòmanse, men repons Moyiz bay: M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann.
20 And Isaiah is very bold and says, I was found by those not seeking me. I became manifest to those not asking for me.
Ezayi menm pouse radiyès li pi lwen toujou lè l' di: Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen.
21 But to Israel he says, The whole day I stretched forth my hands to a disobedient and rebellious people.
Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m'ap lonje men m' bay yon pèp ki rebèl, k'ap fè wòklò.

< Romans 10 >