< Luke 16 >
1 And he also said to his disciples, There was a certain rich man who had a manager, and this man was accused to him as squandering things possessed by him.
Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t apgaspiye byen li yo.
2 And having called him, he said to him, What is this I hear about thee? Render the account of thy management, for thou can no longer manage.
Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’
3 And the manager said within himself, What shall I do because my lord takes away the management from me? I am not able to dig. I am ashamed to beg.
“Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite.
4 I know what I will do, so that when I am removed from the management they may receive me into their houses.
Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’
5 And having summoned each one of his lord's debtors, he said to the first, How much do thou owe to my lord?
“Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’
6 And he said, A hundred measures of olive oil. And he said to him, Receive thy document, and having sat down, quickly write fifty.
“Li te di: ‘San mezi lwil’. E li te di li: ‘Pran nòt ou e chita byen vit pou ekri senkant.’
7 Next he said to another, And how much do thou owe? And he said, A hundred measures of wheat. And he says to him, Receive thy document, and write eighty.
“Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe? “Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’
8 And his lord commended the unrighteous manager because he did shrewdly. Because the sons of this age are shrewder in their own generation than the sons of the light. (aiōn )
“Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pasefis a limyè yo. (aiōn )
9 And I say to you, make friends for yourselves from the mammon of unrighteousness, so that, when ye cease, they may receive you into the eternal dwellings. (aiōnios )
“Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen arichès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo. (aiōnios )
10 The man faithful in the least is faithful also in much, and the man unrighteous in the least is unrighteous also in much.
“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 If therefore ye did not become faithful in the unrighteous mammon, who will entrust to you what is true?
“Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vrè richès yo.
12 And if ye did not become faithful in the alien, who will give thine to you?
Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
13 No servant can serve two masters, for either he will hate the one and love the other, or he will hold to one and despise the other. Ye cannot serve God and mammon.
“Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
14 And the Pharisees, being lovers of money, heard all these things, and they sneered him.
Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
15 And he said to them, Ye are those who declare yourselves righteous in the sight of men, but God knows your hearts. Because what is lofty among men is an abomination in the sight of God.
Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
16 The law and the prophets were until John. From that time the kingdom of God is proclaimed good news, and every man in it is treated aggressively.
“Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.
17 But it is easier for the heaven and the earth to pass away, than for one tittle of the law to fall.
Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.
18 Every man who divorces his wife and marries another, commits adultery, and every man who marries her who has been divorced from a husband commits adultery.
“Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
19 Now there was a certain rich man, and he was clothed in purple and fine linen, faring sumptuously daily.
“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20 But there was a certain poor man named Lazarus, who had been placed near his gate, covered with sores,
“Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng.
21 and longing to be fed with the crumbs that fell from the rich man's table. But even the dogs that came licked his sores.
Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22 And it came to pass for the poor man to die and be carried by the agents to Abraham's bosom. And the rich man also died and was buried.
“Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere.
23 And having lifted up his eyes in Hades, being in torments, he sees Abraham from afar and Lazarus by his bosom. (Hadēs )
Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. (Hadēs )
24 And having cried out, he said, Father Abraham, be merciful to me, and send Lazarus, so that he may dip the tip of his finger in water, and cool my tongue, because I am in agony in this flame.
Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
25 But Abraham said, Child, remember that thou in thy lifetime received thy good things, and likewise Lazarus evil things. But now here he is comforted and thou are in agony.
“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
26 And besides all these things, between us and you a great chasm is fixed, so that those here who want to cross over to you are not able, nor may those go across from there to us.
Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27 And he said, I beg thee therefore, father, that thou would send him to my father's house,
“Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m—
28 for I have five brothers, that he may testify to them, lest they also come into this place of torment.
Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29 But Abraham says to him, They have Moses and the prophets. Let them hear them.
“Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 And he said, No, father Abraham, but if some man would go to them from the dead they will repent.
“Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
31 And he said to him, If they do not listen to Moses and the prophets, neither will they be persuaded if some man would rise from the dead.
“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.