< Luke 12 >

1 During which time the myriads of the multitude having gathered together so as to trample each other, he began first to say to his disciples, Take heed to yourselves from the leaven of the Pharisees, which is hypocrisy.
Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.
2 But there is nothing covered up that will not be revealed, and hidden that will not be known.
Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale.
3 Therefore, as many things as ye have said in the darkness will be heard in the light, and what ye have spoken in the ear in the inner chambers will be proclaimed upon the housetops.
Se poutèt sa, tou sa n'a di nan fènwa, y'a tande l' gwo lajounen; tout sa n'a di moun nan zòrèy anndan chanm, y'a mache di l' nan tout kalfou.
4 And I say to you my friends, Be not afraid of those who kill the body, and after these things not having anything more severe to do.
Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa.
5 But I will show you whom ye should fear. Fear him, who, after killing, has power to cast into hell. Yes, I say to you, fear ye him. (Geenna g1067)
M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè. (Geenna g1067)
6 Are not five sparrows sold for two copper coins? And not one of them is forgotten in the sight of God.
Eske ti zwezo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo.
7 But even the hairs of your head are all numbered. Fear not, therefore, ye are superior to many sparrows.
Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo.
8 And I say to you, every man who will confess in me before men, the Son of man will also confess in him before the agents of God,
M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.
9 but he who denies me in the presence of men will be denied in the presence of the agents of God.
Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'.
10 And every man who will speak a word against the Son of man, it will be forgiven him, but to him who blasphemed against the Holy Spirit it will not be forgiven.
Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa.
11 And when they bring you to the synagogues, and the principle positions, and the offices of authority, be not anxious how or what ye should answer in defense, or what ye should say,
Lè y'a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n' chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n' di.
12 for the Holy Spirit will teach you in the same hour what ye ought to say.
Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.
13 And a certain man out of the crowd said to him, Teacher, speak to my brother to divide the inheritance with me.
Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m' lan pou l' separe eritaj papa nou an avèk mwen.
14 But he said to him, Man, who appointed me a judge or an arbitrator over you?
Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou?
15 And he said to them, Watch, and keep away from greed, because to any man, life to him is not in the abundance of things possessed by him.
Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
16 And he spoke a parable to them, saying, The land of a certain rich man brought forth well.
Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l' anpil.
17 And he pondered within himself, saying, What shall I do, because I have nowhere I will store my crops?
Li t'ap di nan kè li: Kisa pou m' fè? Mwen pa gen plas pou m' sere rekòt mwen yo.
18 And he said, I will do this. I will dismantle my barns, and I will build greater, and there I will store all my grain and my goods.
Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè; m'ap kraze depo m' yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m' mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo.
19 And I will say to my soul, Soul, thou have many goods laid up for many years. Take thine ease, eat, drink, be merry.
Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.
20 But God said to him, Thou foolish man, they demand thy soul from thee this night, and the things that thou prepared, whose will they be?
Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye?
21 So is he who stores up for himself, and is not being rich toward God.
Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye.
22 And he said to his disciples, Because of this I say to you, be not anxious for your life, what ye may eat, nor for the body, what ye may wear.
Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou.
23 For the life is more than the food, and the body, the clothing.
Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.
24 Consider the ravens, because they do not sow, nor do they reap, for which there is no storehouse nor barn, and God feeds them. How much ye are worth more than the birds.
Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre?
25 And which of you by being anxious can add one cubit to his age?
Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay?
26 If then ye are not able to do even the least, why are ye anxious about the rest?
Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo?
27 Consider the lilies, how they grow. They toil not, nor do they spin, and I say to you, not even Solomon in all his glory was arrayed like one of these.
Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.
28 And if God so clothes the grass in the field, which today is, and tomorrow being cast into the oven, how much more you, O ye of little faith?
Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!
29 And do not seek what ye may eat, and what ye may drink, and do not be unsettled.
Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.
30 For the nations of the world seek all these things, and your Father knows that ye have need of these things.
Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.
31 However, seek ye the kingdom of God, and all these things will be added to you.
Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.
32 Fear not, little flock, because your Father is well pleased to give you the kingdom.
Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a.
33 Sell things possessed by you, and give charity. Make for yourselves purses not becoming old, a treasure unfailing in the heavens, where no thief approaches, nor moth corrupts.
Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li.
34 For where your treasure is, there your heart will be also.
Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
35 Let your loins be girded about, and the lights burning,
Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen,
36 and be ye like men waiting for their lord, when he may return from the wedding festivities, so that when he comes and knocks, they may straightaway open to him.
tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li.
37 Blessed are those bondmen whom the lord when he comes will find watching. Truly I say to you, that he will gird himself, and will cause them to sit down, and having come, will serve them.
L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.
38 And if he should come in the second watch, and should come in the third watch, and find so, blessed are those bondmen.
Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l' jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou.
39 But know this, that if the house-ruler had known in what hour the thief was coming, he would have watched, and would not have allowed his house to be broken into.
Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.
40 Therefore, ye also become ready, because the Son of man comes at that hour ye do not suppose.
Nou menm tou, se pou n' toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè!
41 And Peter said to him, Lord, did thou speak this parable to us, or also to all?
Lè sa a Pyè di li: Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li?
42 And the Lord said, Who then is the faithful and wise manager whom his lord will appoint over his service to give the provision on time?
Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
43 Blessed is that bondman whom his lord when he comes will find so doing.
Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay la.
44 Truly I say to you, that he will appoint him over the things being possessed by him.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo.
45 But if that bondman should say in his heart, My lord is late to come, and should begin to beat the servant boys and the servant girls, and to eat and drink, and to be drunken,
Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou;
46 the lord of that bondman will arrive in a day that he does not expect, and in an hour that he is not aware, and will cut him in two, and will place his portion with the unbelieving.
mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo.
47 And that bondman who knew his lord's will, and who did not prepare, nor do according to his will, will be beaten much,
Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
48 but he who did not know, and did things worthy of blows, will be beaten little. And to every man to whom much was given, much will be required from him. And to whom they entrust much, they will ask him more abundantly.
Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.
49 I came to cast fire upon the earth, and what I desire is if it were kindled already.
Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja!
50 But I have an immersion to be immersed, and how am I constrained until it will be accomplished.
Mwen gen yon batèm pou m' resevwa. Men, mwen twouve l' pran anpil tan pou l' rive.
51 Do ye suppose that I came to give peace on the earth? I tell you, no, but rather division.
Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon.
52 For henceforth there will be five in one house divided, three against two, and two against three.
Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa.
53 A father will be divided against a son, and a son against a father, a mother against a daughter, and a daughter against a mother, a mother-in-law against her daughter-in-law, and a daughter-in-law against her mother-in-law.
Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.
54 And he also said to the multitudes, When ye see a cloud rising from the west, straightaway ye say, A shower is coming, and so it happens.
Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre.
55 And when a south wind is blowing, ye say, There will be heat, and it happens.
Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre.
56 Ye hypocrites, ye know how to examine the face of the earth and the sky, but how can ye not examine this season?
Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a?
57 And also why do ye not judge yourselves what is right?
Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?
58 For when thou go with thine opponent to the magistrate on the way give effort to be delivered from him, lest he may drag thee to the judge, and the judge may deliver thee to the officer, and the officer would cast thee into prison.
Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon.
59 I say to thee, thou will, no, not come out from there, until thou have paid even the last mite.
M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.

< Luke 12 >