< Psalmen 124 >
1 Een bedevaartslied; van David. Was Jahweh niet vóór ons geweest: Laat Israël getuigen,
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,
2 Toen de mensen tégen ons waren,
Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, lè lezòm te leve kont nou yo,
3 Dan hadden zij ons levend verslonden, In hun ziedende woede;
Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.
4 Dan hadden de wateren ons verzwolgen, Had ons een stortvloed bedolven;
Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
5 Dan waren over ons heengeslagen De bruisende golven.
Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
6 Maar geprezen zij Jahweh, Die ons geen prooi voor hun tanden heeft gemaakt!
Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.
7 Levend zijn wij ontsnapt, Als een vogel uit het net van den vinker: Het net is gescheurd, En wij zijn ontkomen!
Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape.
8 Onze hulp is in de Naam van Jahweh, Die hemel en aarde heeft gemaakt!
Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.