< Zaburi 63 >

1 Zaburi mar Daudi kane en e thim mar Juda. Yaye Nyasaye, in e Nyasacha, adwari gi tekra duto; chunya riyo oloyo mar neni kendo denda duto dwari, e piny motwo kendo maliet, maonge pi modho.
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a. O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
2 Aseneni ei kari maler kendo asengʼeyo tekoni gi duongʼni.
Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
3 Nikech herani ber moloyo ngima, dhoga biro miyi duongʼ.
Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi, lèv mwen va louwe Ou.
4 Abiro paki kapod angima, kendo abiro tingʼo bedena malo e nyingi.
Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.
5 Chunya biro romo mana ka ngʼama oromo gi chiemo mabeyo mogik; abiro yawo dwonda ka apaki gi wer.
Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.
6 Ka an e kitandana to apari; pacha osiko pari seche duto mag otieno.
Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.
7 Nikech in e konyruokna, awer ka an e bwo tipo mar bwombeni.
Paske Ou te konn sekou mwen. Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
8 Chunya omoko kuomi; lweti ma korachwich orita.
Nanm mwen kole ak Ou. Men dwat Ou fè m kenbe.
9 Joma dwaro kawo ngimana ibiro tieki; gibiro dhi piny nyaka ei bur kama tut.
Men (sila) ki chache lavi mwen pou detwi li yo, va desann jis nan fon latè.
10 Ibiro chiwgi ne ligangla kendo gibiro doko chiemb ondiegi.
Yo va livre a pouvwa nepe. Yo va tounen manje pou rena mawon.
11 To ruoth to biro bedo moil kuom Nyasaye; ji duto masingore e nying Nyasaye biro pake, to dho jo-miriambo ibiro um mi lingʼ.
Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a (sila) ki bay manti yo, va fèmen.

< Zaburi 63 >