< Rapar Mar Chik 22 >
1 Ka ineno rwadh wadu kata rombone kolal, kik iwuondri ni ok inene, to kawe idwokene wuon.
“Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an.
2 Ka owaduno ok odak machiegni kodi kaw chiayono iter dalani nyaka chop obi odware, eka mondo imiye.
Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm.
3 Tim kamano bende ne pundane, kata lawe kata gire moro amora molal kendo kik ichal ngʼama ok oneno.
Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
4 Ka ineno punda mar nyawadu kata rwadhe kopodho e yo, to kik ichal ngʼama ok oneno, to kony wuon-gi mondo ochunge oa malo.
“Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
5 Dhako ok onego rwak lewni mag chwo, chwo bende kik rwak lewni mag mon, nimar Jehova Nyasaye ma Nyasachu ok dwar joma timo kamano.
“Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
6 Ka iyudo od winyo e bath yo, manie yien kata e lum piny kendo winyo madhako onindo e tongʼe kata oumo nyithinde, to kik ikaw winyono gi nyithinde.
“Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo.
7 Inyalo kawo nyithinde to iwe winyono odhi, mondo omi idhi maber kendo idag amingʼa.
Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
8 Ka igero ot manyien, to nyaka iriw ragengʼ molworo gama mondo kik ikel chwero remo e odi ka ngʼato olwar e tat odi.
“Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
9 Kik ipidh kothe ariyo e puoth mzabibu, kitimo kamano, to gik motwi kata ochiek kanyo duto nobed mogak kendo ginidongʼ ei kama ler mar lemo.
“Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
10 Kik ipur gi rwath kod punda kitweyo e jok achiel.
“Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
11 Kik irwak law molos gi yie rombo kod katana motwangʼ kanyakla.
“Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm.
12 Nyaka imin usi e konde angʼwen mar lawi mar abola.
Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
13 Ka ngʼato okendo chiege bangʼe bangʼ riwore kode chunye oa kuome kata oyudo ni ok ohere,
“Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li
14 kendo owuok oketho nyinge komiye nying marach kendo owacho niya, “Ne anywomo dhakoni to kane ariwora kode to ne ok ayude gi gige ringre.”
pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’
15 Eka wuon nyako kod min nokel gima nyiso ni en kod ringre ne jodongo e ranga dala.
alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la.
16 Wuon nyako nowach ne jodongo niya, “Ne achiwo nyara e kend ne ngʼatni to ok ohere.
Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li.
17 To koro oseketho nyinge kowacho ni, ‘Ne ok ayudo nyari gi ringre.’ To ma e gima nyiso ni nyara ne oyud gi gige ringre.” Bangʼe jonywolne noyar law e nyim jodong gwengʼ,
Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la.
18 kendo jodongogo nokaw ngʼatno mi kume.
Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman.
19 Ngʼatno nochul chudo moromo sekel mia achiel mar fedha mondo mi wuon nyako nikech ngʼatni osemiyo nyar Israel mangili nying marach. Nyakono nosik kode kaka chiege kendo ok noriembe nyaka chiengʼ.
Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
20 To ka dipo ni oyud ni en adier ni nyakono ne ok oyudo gi gige ringre,
“Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj,
21 to nyakono nokel e dhood wuon mare kendo joma chwo ma gwengʼno nochiele gi kite motho, nikech otimo gima rach e kind jo-Israel kodoko jachode e od wuon. Tim marachno nyaka ugol e dieru.
alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
22 Ka ngʼato oyud ka terore gi chi wadgi, to dhakono kod ngʼatno nyaka negi. Tim marachno nyaka gol e dier jo-Israel.
“Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
23 Ka ngʼato oyudo nyako ngili e dala matin ma osetimo winjruok mar kend kod ngʼat machielo ma oterore kode,
“Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li,
24 to nyaka ugol ji ariyogo e dhorangach mar dala oko kendo chielgi gi kite ma githo. Nyakono nogo gi kite nikech ne en e gwengʼ to ok ogoyo koko mondo okonye, kendo ngʼatno nochiel nikech odwanyo chi ngʼato. Tim marachno nyaka ugol e dieru.
alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
25 To ka ngʼato oromo gi nyako ma osetimo winjruok gi ngʼato mar kend mi omake githuon moterore kode, ngʼatno ema nyaka negi.
“Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri.
26 Kik utim gima rach ne nyakono, onge richo motimo mowinjore gi tho. Wachni chalo kod ngʼat ma omonjo wadgi monego,
Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye.
27 nimar ngʼatni noromo gi nyakoni to kata nyako mosetimgo winjruokni ogoyo koko, ne onge ngʼama okonye.
Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
28 Ka ngʼato oromo gi nyako mapok otimo winjruok mar kend gi ngʼato mi oterore kode githuon mi ofwenygi,
“Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri,
29 nyaka ochul wuon nyakono sekel piero abich mar fedha. Nyaka okend nyakono nimar osekethone, kendo ok noriembe e ndalo duto mar ngimane.
alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo.
30 Ngʼato ok onego kend chi wuon, kendo kik odwany kitanda wuon mare.
Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.