< Salme 68 >

1 (Til sangmesteren. Af David. En salme. En sang.) Når Gud står op, da splittes hans fjender, hans Avindsmænd flyr for hans Åsyn,
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Kite Bondye leve! Kite lènmi Li yo vin gaye! Kite (sila) ki rayi Li yo sove ale devan L.
2 som Røg henvejres, så henvejres de; som Voks, der smelter for Ild, går gudløse til Grunde for Guds Åsyn.
Kon lafimen konn chase, konsa, chase yo. Kon lasi kon fonn devan dife, konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
3 Men retfærdige frydes og jubler med Glæde og Fryd for Guds Åsyn.
Men kite moun ladwati yo fè kè kontan. Kite yo leve wo devan Bondye. Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
4 Syng for Gud, lovsyng hans Navn, hyld ham, der farer frem gennem Ørknerne! HERREN er hans Navn, jubler for hans Åsyn,
Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li! Leve wo pou (Sila) ki monte sou nwaj yo: non l se SENYÈ a! Rejwi devan Li an!
5 faderløses Fader, Enkers Værge, Gud i hans hellige Bolig,
Yon papa pou òfelen yo e yon jij pou vèv yo, se Bondye nan lye sen Li an.
6 Gud, som bringer ensomme hjem, fører Fanger ud til Lykke; men genstridige bor i tørre Egne.
Bondye fè yon fanmi pou (sila) ki pa genyen an. Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo, men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
7 Da du drog ud, o Gud, i Spidsen for dit Folk, skred frem gennem Ørkenen (Sela) da rystede Jorden,
O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a, lè Ou te mache travèse dezè a,
8 ja, Himlen dryppede for Guds Åsyn, for Guds Åsyn, Israels Guds.
tè a te souke. Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye, prezans Bondye Sinaï lan. Mond la li menm tè a souke devan prezans Bondye a, Bondye Israël la.
9 Regn i Strømme lod du falde, o Gud, din vansmægtende Arvelod styrkede du;
Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli. Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
10 din Skare tog Bolig der, for de arme sørged du, Gud, i din Godhed,
Moun pa Ou yo te vin rete ladann. Ou te founi tout bonte Ou pou malere yo, O Bondye.
11 Ord lægger Herren de Kvinder i Munden, som bringer Glædesbud, en talrig Hær:
Senyè a te anonce pawòl la. Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
12 "Hærenes Konger flyr, de flyr, Husets Frue uddeler Bytte.
“Wa lame yo sove ale! Yo kouri! Fanm nan rete nan kay la divize piyaj la!
13 Vil l da blive imellem Foldene? Duens Vinger dækkes af Sølv, dens Fjedre af gulgrønt Guld.
Lè ou kouche nan pak mouton yo, se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e plim li ak lò briyan.
14 Da den Almægtige splittede Kongerne der, faldt der Sne på Zalmon."
Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a, Nèj t ap tonbe sou Tsalmon.
15 Et Gudsbjerg er Basans Bjerg, et Bjerg med spidse Tinder er Basans Bjerg;
Yon mòn Bondye se Mòn Basan. Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
16 Hvi skæver I Bjerge med spidse Tinder til Bjerget, Gud ønskede til Bolig, hvor HERREN også vil bo for evigt?
Poukisa nou gade ak anvi, O tout lòt mòn yo? Sou mòn ke Bondye te apwente konn abitasyon Li an? Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
17 Titusinder er Guds Vogne, tusinde Gange tusinde, HERREN kom fra Sinaj til Helligdommen.
Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
18 Du steg op til det høje, du bortførte Fanger, Gaver tog du blandt Mennesker, også iblandt de genstridige, at du måtte bo der, HERRE, o Gud.
Ou te monte an wo. Ou te mennen kaptif yo sòti. Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm, menm pami rebèl yo tou, pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
19 Lovet være Herren! Fra Dag til Dag bærer han vore Byrder; Gud er vor Frelse. (Sela)
Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou, Bondye ki se delivrans nou an. Tan
20 En Gud til Frelse er Gud for os, hos den Herre HERREN er Udgange fra Døden.
Bondye pou nou se yon Bondye delivrans. Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
21 Men Fjendernes Hoveder knuser Gud, den gudløses Isse, der vandrer i sine Synder.
Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo, tèt la menm ak cheve a (sila) ki pèsiste nan mechanste li yo.
22 Herren har sagt: "Jeg henter dem hjem fra Basan, henter dem hjem fra Havets Dyb,
Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan. Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
23 at din Fod må vade i Blod, dine Hundes Tunger få del i Fjenderne."
pou pye ou kapab kraze yo bay san, jis lang chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi a.”
24 Se på Guds Højtidstog, min Guds, min Konges Højtidstog ind i Helligdommen!
Yo te wè pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye, pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen, pou antre nan sanktiyè a.
25 Sangerne forrest, så de, der spiller, i Midten unge Piger med Pauker:
Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv, nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
26 "Lover Gud i Festforsamlinger, Herren, I af Israels Kilde!"
Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.
27 Der er liden Benjamin forrest, Judas Fyrster i Flok, Zebulons Fyrster, Naftalis Fyrster.
Men gade Benjamin, pi piti an Israël la, k ap renye sou yo, prens a Juda ki konseyè yo, prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
28 Opbyd, o Gud, din Styrke, styrk, hvad du gjorde for os, o Gud!
Bondye ou a te kòmande fòs Ou. Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.
29 For dit Tempels Skyld skal Konger bringe dig Gaver i Jerusalem.
Akoz tanp Jérusalem Ou a, wa yo va mennen kado bay Ou.
30 Tru ad Dyret i Sivet, Tyreflokken, Folkeslags Herrer, så de hylder dig med deres Sølvstykker. Adsplit Folkeslag, der elsker Strid!
Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a, twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo. Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo. Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
31 De kommer med Olie fra Ægypten, Ætiopeme iler til Gud med fulde Hænder.
Prens yo va sòti an Égypte. Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
32 I Jordens Riger, syng for Gud, lovsyng HERREN;
Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo, Chante lwanj a Senyè a, Tan
33 hyld ham der farer frem på Himlenes Himle, de gamle! Se, han løfter sin Røst, en vældig Røst.
A (Sila) ki vwayaje monte sou pi wo syèl la, ki la depi nan tan ansyen yo. Gade byen, Li pale ak gwo vwa, yon vwa plen pwisans.
34 Giv Gud Ære! Over Israel er hans Højhed, Hans Vælde i Skyerne,
Rekonèt fòs Bondye a! Majeste Li sou tout Israël, pwisans Li nan syèl yo.
35 frygtelig er Gud i sin Helligdom. Israels Gud; han giver Folket Styrke og Kraft. Lovet være Gud!
O Bondye, Ou etonnan nan sanktiyè Ou yo. Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo. Beni se Bondye!

< Salme 68 >