< 1 Johannes 5 >

1 Hver den, som tror, at Jesus er Kristus, er født af Gud; og hver den, som elsker Faderen, elsker også den, som er født af ham.
Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.
2 Derpå kende vi, at vi elske Guds Børn, når vi elske Gud og gøre hans Bud.
Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo.
3 Thi dette er Kærlighed til Gud, at vi holde hans Bud; og hans Bud ere ikke svære;
Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
4 thi alt det, som er født af Gud, overvinder Verden; og dette er den Sejr, som har overvundet Verden, vor Tro.
Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou.
5 Hvem er den, som overvinder Verden, uden den, som tror, at Jesus er Guds Søn?
Kilès sila ki venk lemonn an, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
6 Han er den, som kom med Vand og Blod, Jesus Kristus; ikke med Vandet alene, men med Vandet og med Blodet; og det er Ånden, som viduer, thi Ånden er Sandheden.
Se Sila ki vini pa dlo ak san, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwen an, akoz se Lespri a ki verite.
7 Thi tre ere de, som vidne:
Paske gen twa ki bay temwen;
8 Ånden og Vandet og Blodet; og disse tre forene sig til eet.
Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.
9 Dersom vi tage imod Menneskenes Vidnesbyrd, da er Guds Søn.
Si nou resevwa temwen lan a lòm, temwen Bondye a pi gran. Paske temwen Bondye a se sa; ke Li te pote temwen konsènan Fis Li.
10 Den, som tror på Guds Søn, har Vidnesbyrdet i sig selv; den, som ikke tror Gud, har gjort ham til en Løgner, fordi han ikke har troet på det Vidnesbyrd, som Gud har vidnet om sin Søn.
Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.
11 Og dette er Vidnesbyrdet, at Gud har givet os evigt Liv; og dette Liv er i hans Søn. (aiōnios g166)
Temwen a se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl a, epi lavi sila se nan Fis Li. (aiōnios g166)
12 Den, som har Sønnen, har Livet; den, som ikke har Guds Søn, har ikke Livet.
Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.
13 Dette har jeg skrevet til eder, for at I skulle vide, at I have evigt Liv, I, som tro på Guds Søns Navn. (aiōnios g166)
Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a. (aiōnios g166)
14 Og dette er den Frimodighed, som vi have over for ham, at dersom vi bede om noget efter hans Villie, hører han os.
Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou.
15 Og dersom vi vide, at han hører os, hvad vi end bede om, da vide vi, at vi have de Ting, om hvilke vi have bedt ham.
Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li.
16 Dersom nogen ser sin Broder begå Synd, som ikke er til Døden, han bede, og han skal give ham Liv, dem nemlig, som ikke synde til Døden. Der er Synd til Døden; for den siger jeg ikke, at han skal bede.
Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.
17 Al uretfærdighed er synd, men der er synd, som ikke er til døden.
Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
18 Vi vide, at hver den, som er født af Gud, synder ikke; men den, som er født af Gud, bevarer sig selv, og den onde rører ham ikke.
Nou konnen ke okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.
19 Vi vide, at vi ere af Gud, og hele Verden ligger i det onde.
Nou konnen ke nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans a mechan an.
20 Men vi vide, at Guds Søn er kommen, og han har givet os Forstand til at kende den sande; og vi ere i den sande, i hans Søn Jesus Kristus. Denne er den sande Gud og evigt Liv. (aiōnios g166)
Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la. (aiōnios g166)
21 Mine Børn, vogter eder for Afguderne!
Ti moun yo, veye nou kont zidòl yo.

< 1 Johannes 5 >