< 1 Korinterne 8 >
1 Men hvad Kødet fra Afgudsofrene angår, da vide vi, fordi vi alle have Kundskab (Kundskaben opblæser, men Kærligheden opbygger.
Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.
2 Dersom nogen tykkes at kende noget, han kender endnu ikke således, som man bør kende.
Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an.
3 Men dersom nogen elsker Gud, han er kendt af ham.)
Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.
4 Hvad altså Spisningen af Offerkødet angår, da vide vi, at der er ingen, Afgud i Verden, og at der ingen Gud er uden een.
Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.
5 Thi om der end er såkaldte Guder, være sig i Himmelen eller på Jorden, som der jo er mange Guder og mange Herrer,
Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè,
6 så er der for os dog kun een Gud, Faderen, af hvem alle Ting ere, og vi til ham, og een Herre, Jesus Kristus, ved hvem alle Ting ere, og vi ved ham.
malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
7 Dog ikke alle have den Kundskab. Men der er nogle, som ifølge deres hidtidige Afgudsvane spise det som Afgudsofferkød, og deres Samvittighed, som er skrøbelig, besmittes.
Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.
8 Men Mad skal ikke bestemme vor Stilling over for Gud; hverken have vi Fortrin, om vi spise, eller stå tilbage, om vi ikke spise.
Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje.
9 Men ser, til, at ikke denne eders Frihed skal blive til Anstød for de skrøbelige!
Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.
10 Thi dersom nogen ser dig, som har Kundskab, sidde til Bords i et Afgudshus, vil så ikke Samvittigheden hos den, som er skrøbelig, blive opbygget til at spise Afgudsofferkødet?
Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo?
11 Den skrøbelige går jo til Grunde ved din Kundskab, Broderen, for hvis Skyld Kristus er død.
Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an.
12 Men når I således Synde imod Brødrene og såre deres skrøbelige Samvittighed, Synde I imod Kristus.
Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la.
13 Derfor, om Mad forarger min Broder, vil jeg aldrig i Evighed spise Kød, for at jeg ikke skal forarge min Broder. (aiōn )
Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite. (aiōn )