< 1 Samuel 21 >
1 David kom derpaa til Præsten Ahimelek i Nob. Ahimelek kom ængstelig David i Møde og sagde til ham: »Hvorfor er du alene og har ingen med dig?«
Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?”
2 David svarede Præsten Ahimelek: »Kongen overdrog mig et Ærinde og sagde til mig: Ingen maa vide noget om det Ærinde, jeg sender dig ud i og overdrager dig! Derfor har jeg sat Folkene Stævne paa et aftalt Sted.
David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’
3 Men hvis du har fem Brød ved Haanden, saa giv mig dem, eller hvad du har!«
Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk moso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
4 Præsten svarede David: »Jeg har intet almindeligt Brød ved Haanden, kun helligt Brød; Folkene har da vel holdt sig fra Kvinder?«
Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”
5 David svarede Præsten: »Ja visselig, vi har været afskaaret fra Omgang med Kvinder i flere Dage. Da jeg drog ud, var Folkenes Legemer rene, skønt det var en dagligdags Rejse; hvor meget mere maa de da i Dag være rene paa Legemet!«
David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?”
6 Præsten gav ham da det hellige Brød; thi der var ikke andet Brød der end Skuebrødene, som tages bort fra deres Plads for HERRENS Aasyn, samtidig med at der lægges frisk Brød i Stedet.
Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
7 Men den Dag var en Mand af Sauls Folk lukket inde der for HERRENS Aasyn, en Edomit ved Navn Doeg, den øverste af Sauls Hyrder.
Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
8 David spurgte derpaa Ahimelek: »Har du ikke et Spyd eller et Sværd ved Haanden her? Thi hverken mit Sværd eller mine andre Vaaben fik jeg med, da Kongens Ærinde havde Hast.«
David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
9 Præsten svarede: »Det Sværd, som tilhørte Filisteren Goliat, ham, som du dræbte i Terebintedalen, er her, hyllet i en Kappe bag Efoden. Vil du have det, saa tag det! Thi her er intet andet!« Da sagde David: »Dets Lige findes ikke; giv mig det!«
Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.” Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
10 Derpaa brød David op og flygtede samme Dag for Saul, og han kom til Kong Akisj af Gat.
Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la.
11 Men Akisj's Folk sagde til ham: »Er det ikke David, Landets Konge, er det ikke ham, om hvem man sang under Dans: Saul slog sine Tusinder, men David sine Titusinder!«
Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: ‘Saül te touye dè milye pa li e David dè di-milye pa li?’”
12 Disse Ord gav David Agt paa, og han grebes af stor Frygt for Kong Akisj af Gat;
David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil.
13 derfor lod han afsindig overfor dem og rasede imellem Hænderne paa dem, idet han trommede paa Portfløjene og lod sit Spyt flyde ned i Skægget.
Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li.
14 Da sagde Akisj til sine Folk: »I kan da se, at Manden er gal; hvorfor bringer I ham til mig?
Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen?
15 Har jeg ikke gale Mennesker nok, siden I bringer mig ham til at plage mig med sin Galskab? Skal han komme i mit Hus?«
Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”