< Ezekiel 4 >
1 Og du Menneskesøn! tag dig en Mursten, og læg den for dit Ansigt, og tegn derpaa en Stad, nemlig Jerusalem.
“Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon moso mozayik. Mete l devan ou e desiyen yon vil sou li, menm Jérusalem nan.
2 Og læg en Belejring omkring den, og byg et Vagttaarn imod den, og opkast en Vold imod den, og læg Lejre imod den, og sæt Stormbukke imod den trindt omkring!
Konsa, poze fè syèj kontra li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan a, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon.
3 Men tag du for dig en Jernpande, og stil den som en Jern væg mellem dig og imellem Staden; og ret dit Ansigt imod den, at den kommer i Belejring, og du belejrer den; dette skal være Israels Hus til et Tegn.
Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.
4 Og du, læg dig paa din venstre Side, og læg Israels Hus's Misgerning paa den; saa mange Dage, som du ligger paa den, saa længe skal du bære deres Misgerning.
“Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo.
5 Og jeg vil gøre dig deres Misgernings Aar til et Antal af Dage, nemlig tre Hundrede og halvfemsindstyve Dage; og du skal bære Israels Hus's Misgerning.
Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katra-ven-di jou. Konsa ou va pote inikite a lakay Israël la.
6 Og naar du faar tilendebragt disse, da skal du lægge dig anden Gang paa din højre Side og bære Judas Hus's Misgerning, fyrretyve Dage; for hvert enkelt Aar sætter jeg dig en Dag.
Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou chak ane.
7 Og du skal vende dit Ansigt og din blottede Arm imod Jerusalems Belejring, og du skal spaa imod den.
Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou pwofetize kont li.
8 Og se, jeg vil lægge Reb paa dig, at du ikke skal vende dig fra din ene Side til den anden, indtil du har tilendebragt din Belejrings Dage.
Alò, gade byen, Mwen va mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.
9 Saa tag du til dig Hvede og Byg og Bønner og Linser og Hirse og Spelt, og kom det i eet Kar og gør dig Brød deraf; efter Antallet af de Dage, som du skal ligge paa din Side, tre Hundrede og halvfemsindstyve Dage, skal du æde det.
“Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou.
10 Og din Mad, som du skal æde, skal være efter Vægt, tyve Sekel til hver Dag; fra Tid til Tid skal du æde den.
Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan.
11 Du skal og drikke Vand efter Maal, den sjette Part af en Hin; det skal du drikke fra Tid til Tid.
Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan.
12 Og du skal æde det som Bygkage, og du skal bage det ved Menneskeskarn for deres Øjne.
Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye poupou moun.”
13 Og Herren sagde: Saaledes skulle Israels Børn æde deres Brød urent iblandt Hedningerne, hvorhen jeg vil fordrive dem.
Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”
14 Men jeg sagde: Ak! Herre, Herre! se, min Sjæl er ikke besmittet, og jeg har ikke fra min Ungdom af og indtil nu ædet noget Aadsel eller noget sønderrevet, og der er ikke kommet urent Kød i min Mund.
Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”
15 Og han sagde til mig: Se, jeg har givet dig Komøg i Stedet for Menneskeskarn, at du derved kan lave dit Brød.
Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”
16 Og han sagde til mig: Du Menneskesøn! se, jeg vil formindske Brøds Forraad i Jerusalem, at de skulle aede Brød efter Vægt og med Bekymring og drikke Vand efter Maal og med Forfærdelse,
Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz
17 fordi de skulle have Mangel paa Brød og Vand, saa de forfærdes, den ene med den anden, og hensmægte i deres Misgerning.
ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etonnen youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”