< 1 Timoteovi 6 >
1 Kteřížkoli pod jhem jsou služebníci, ať mají pány své za hodné vší uctivosti, aby jméno Boží a učení jeho nebylo rouháno.
Tout sila ki anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an.
2 Kteříž pak mají pány věřící, nechažť jich sobě nezlehčují, protože jsou bratřími, ale tím raději slouží, protože jsou věřící a milí, dobrodiní Božího účastníci. Tomu vyučuj a napomínej.
Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
3 Jestližeť pak kdo jinak učí, a nepovoluje zdravým řečem Pána našeho Jezukrista, a tomu učení, kteréž jest podle zbožnosti,
Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,
4 Takovýť jest nadutý, nic neuměje, ale nemoudrost provodí při otázkách a hádkách o slova, z kterýchžto pochází závist, svár, rouhání, zlá domnění,
li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal,
5 Marné hádky lidí na mysli porušených a pravdy zbavených, domnívajích se, že by zbožnost byla zisk tělesný. Takových se varuj.
diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6 Jestiť pak zisk veliký zbožnost, s takovou myslí, kteráž na tom, což má, přestati umí.
Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.
7 Nic jsme zajisté nepřinesli na tento svět, bezpochyby že také nic odnésti nemůžeme.
Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Ale majíce pokrm a oděv, na tom přestaneme.
Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Kteříž pak chtí zbohatnouti, upadají v pokušení, a v osidlo, a v žádosti mnohé nerozumné a škodlivé, kteréž pohřižují lidi v zahynutí a v zatracení.
Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.
10 Kořen zajisté všeho zlého jestiť milování peněz, kterýchžto někteří žádostivi jsouce, pobloudili od víry a sami se naplnili bolestmi mnohými.
Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Ale ty, ó člověče Boží, takových věcí utíkej, následuj pak spravedlnosti, zbožnosti, víry, lásky, trpělivosti, tichosti.
Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
12 Bojuj ten dobrý boj víry, dosáhni věčného života, k němuž i povolán jsi, a vyznals dobré vyznání před mnohými svědky. (aiōnios )
Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. (aiōnios )
13 Přikazujiť tobě před Bohem, kterýž všecko obživuje, a před Kristem Ježíšem, kterýž osvědčil před Pontským Pilátem dobré vyznání,
Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la,
14 Abys ostříhal přikázání tohoto, chovaje se bez poskvrny a bez úhony, až do zjevení se Pána našeho Ježíše Krista,
pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri.
15 Kteréž časem svým ukáže ten blahoslavený a sám mocný, Král kralujících a Pán panujících,
Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.
16 Kterýž sám má nesmrtelnost, a přebývá v světle nepřistupitelném, jehož žádný z lidí neviděl, aniž viděti může, kterémužto čest a síla věčná. Amen. (aiōnios )
Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen. (aiōnios )
17 Bohatým tohoto světa přikazuj, ať nejsou vysokomyslní a ať nedoufají v nejistém zboží, ale v Bohu živém, kterýž dává nám hojnost všeho ku požívání. (aiōn )
Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. (aiōn )
18 A ať dobře činí, a bohatnou v dobrých skutcích, a snadní ať jsou k udílení, i přívětiví,
Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.
19 Tak sobě skládajíce základ dobrý k času budoucímu, aby dosáhli věčného života.
Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
20 Ó Timotee, cožť jest svěřeno, ostříhej, utíkaje bezbožných daremních křiků a odporů falešně nazvaného umění,
O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan,
21 Kterýmž někteří chlubíce se, z strany víry pobloudili od cíle. Milost Boží s tebou. Amen. K Timoteovi první list psán byl z Laodicie, města hlavního Frygie Pakacianské.
ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa. Ke lagras avèk nou. Amen.