< Pjesma nad Pjesmama 1 >

1 Salomonova Pjesma nad pjesmama
Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
2 Poljubi me poljupcem usta svojih, ljubav je tvoja slađa od vina.
Kite l bo m ak bo bouch li! Paske lanmou ou bon pase diven.
3 Miris najboljih mirodija, ulje razlito ime je tvoje, zato te ljube djevojke.
Lwil pafen ou yo santi bon. Non ou menm se tankou lwil kap vide; se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
4 Povuci me za sobom, bježimo! Kralj me uveo u odaje svoje. Igrat ćemo se i radovati zbog tebe, slavit ćemo ljubav tvoju više nego vino. Pravo je da te ljube.
Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. Lòt Yo “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Jenn Fi a Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
5 Crna sam ali lijepa, kćeri jeruzalemske, kao šatori kedarski, kao zavjese Salomonove.
Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl, O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo, tankou rido a Salomon yo.
6 Ne gledajte što sam garava, to me sunce opalilo. Sinovi majke moje rasrdili se na mene, postavili me da čuvam vinograde; a svog vinograda, koji je u meni, nisam čuvala.
Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
7 Reci mi, ti koga ljubi duša moja, gdje paseš, gdje se u podne odmaraš, da ne lutam, tražeći te, oko stada tvojih drugova.
Pale mwen, ou menm nan ke nanm mwen tèlman renmen; ki kote ou fè patiraj twoupo ou a? Ki kote ou konn fè l kouche a midi? Paske poukisa mwen ta tankou yon moun ki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?
8 Ako ne znaš, o najljepša među ženama, izađi i slijedi tragove stada i pasi kozliće svoje oko pastirskih koliba.
Si ou menm, ou pa konnen, O pi bèl pami tout fanm yo; janbe swiv wout twoupo a, e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo akote tant bèje ou yo.
9 Usporedio bih te s konjima pod kolima faraonovim, o prijateljice moja.
Pou mwen, cheri mwen an, ou tankou pi bèl poulich pami sa kap rale cha Farawon an.
10 Lijepi su obrazi tvoji među naušnicama, vrat tvoj pod ogrlicama.
Bò figi ou byen bèl ak zanno, kou ou ak bèl kolye.
11 Učinit ćemo za tebe zlatne naušnice s privjescima srebrnim.
Nou va fè pou ou dekorasyon an lò anbeli ak pwent an ajan tou won.
12 - Dok se kralj odmara na svojim dušecima, (tada) nard moj miriše.
Pandan wa a te sou tab li, pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
13 Dragi mi je moj stručak smirne što mi među grudima počiva.
Sila ke m renmen an se yon pòch pafen; fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
14 Dragi mi je moj grozd ciprov u vinogradima engedskim.
Cheri mwen an se yon grap flè jasmen byen plase nan chan rezen En-Guédi yo.
15 - Gle, kako si lijepa, prijateljice moja, gle, kako si lijepa, imaš oči kao golubica.
“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! Zye ou tankou toutrèl yo.”
16 - Gle, kako si lijep, dragi moj, gle, kako si mio. Zelenilo je postelja naša.
Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an; anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
17 - Grede kuća naših cedri su, a natkrovlje čempresi.
Pilye kay nou se bwa sèd e travès yo se bwa pen.

< Pjesma nad Pjesmama 1 >