< Luka 3 >
1 Petnaeste godine vladanja cara Tiberija, dok je upravitelj Judeje bio Poncije Pilat, tetrarh Galileje Herod, a njegov brat Filip tetrarh Itureje i zemlje trahonitidske, i Lizanije tetrarh Abilene,
Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,
2 za velikog svećenika Ane i Kajfe, dođe riječ Božja Ivanu, sinu Zaharijinu, u pustinji.
nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
3 On obiđe svu okolicu jordansku propovijedajući obraćeničko krštenje na otpuštenje grijeha
Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.
4 kao što je pisano u Knjizi besjeda Izaije proroka: Glas viče u pustinji: Pripravite put Gospodinu, poravnite mu staze!
Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la: “Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a, Fè wout Li yo dwat,
5 Svaka dolina neka se ispuni, svaka gora i brežuljak neka se slegne! Što je krivudavo, neka se izravna, a hrapavi putovi neka se izglade!
Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa.
6 I svako će tijelo vidjeti spasenje Božje.
Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”
7 Govoraše dakle mnoštvu koje je dolazilo da se krsti: “Leglo gujinje! Tko vas samo upozori da bježite od skore srdžbe?
Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?
8 Donosite dakle plodove dostojne obraćenja. I nemojte početi u sebi govoriti: 'Imamo oca Abrahama!' Jer, kažem vam: Bog iz ovog kamenja može podići djecu Abrahamovu.
Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.
9 Već je sjekira položena na korijen stablima: svako dakle stablo koje ne donosi dobra roda siječe se i u oganj baca.”
Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
10 Pitalo ga mnoštvo: “Što nam je dakle činiti?”
Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”
11 On im odgovaraše: “Tko ima dvije haljine, neka podijeli s onim koji nema. U koga ima hrane, neka učini isto tako.”
Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
12 Dođoše krstiti se i carinici pa ga pitahu: “Učitelju, što nam je činiti?”
Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
13 Reče im: “Ne utjerujte više nego što vam je određeno.”
Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
14 Pitahu ga i vojnici: “A nama, što je nama činiti?” I reče im: “Nikome ne činite nasilja, nikoga krivo ne prijavljujte i budite zadovoljni svojom plaćom.”
Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
15 Narod bijaše u iščekivanju i svi se u srcu pitahu o Ivanu nije li on možda Krist.
Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye,
16 Zato im Ivan svima reče: “Ja vas, istina, vodom krstim. Ali dolazi jači od mene. Ja nisam dostojan odriješiti mu remenje na obući. On će vas krstiti Duhom Svetim i ognjem.
Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
17 U ruci mu vijača da pročisti gumno svoje i sabere žito u žitnicu svoju, a pljevu će spaliti ognjem neugasivim.”
Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”
18 I mnogim je drugim pobudama Ivan narodu navješćivao evanđelje.
Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.
19 A Heroda je tetrarha Ivan prekorio zbog Herodijade, žene njegova brata i zbog svih njegovih zlodjela.
Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo,
20 Svemu tome nadoda Herod još i ovo: zatvori Ivana u tamnicu.
Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.
21 Kad se krstio sav narod, krstio se i Isus. I dok se molio, rastvori se nebo,
Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri,
22 siđe na nj Duh Sveti u tjelesnom obličju, poput goluba, a glas se s neba zaori: “Ti si Sin moj, Ljubljeni! U tebi mi sva milina!”
e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
23 Kad je Isus nastupio, bilo mu je oko trideset godina. Bijaše - kako se smatralo - sin Josipov, Elijev,
Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,
24 Matatov, Levijev, Malkijev, Janajev, Josipov.
fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph,
25 Matatijin, Amosov, Naumov, Heslijev, Nagajev,
fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï,
26 Mahatov, Matatijin, Šimijev, Josehov, Jodin,
fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda,
27 Johananov, Resin, Zerubabelov, Šealtielov, Nerijev,
fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri,
28 Malkijev, Adijev, Kosamov, Elmadamov, Erov,
fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er,
29 Jošuin, Eliezerov, Jorimov, Matatov, Levijev,
fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi
30 Šimunov, Judin, Josipov, Jonamov, Elijakimov,
fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim,
31 Melejin, Menin, Matatin, Natanov, Davidov,
fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David,
32 Jišajev, Obedov, Boazov, Salin, Nahšonov,
fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason,
33 Aminadabov, Adminov, Arnijev, Hesronov, Peresov, Judin,
fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda
34 Jakovljev, Izakov, Abrahamov, Terahov, Nahorov,
fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor,
35 Serugov, Reuov, Pelegov, Eberov, Šelahov,
fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala,
36 Kenanov, Arpakšadov, Šemov, Noin, Lamekov,
fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, fis a Noé, fis a Lamech,
37 Metušalahov, Henokov, Jeredov, Mahalalelov, Kenanov,
fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan,
38 Enošev, Šetov, Adamov, Božji.
fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.